Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Mache pou lavi” yon fason pou di non ak ensekirite jeneralize anndan peyi a

"Mache pou lavi" yon fason pou di non ak ensekirite jeneralize anndan peyi a

Pòtopwens , Ayiti .- Anpil moun nan sosyete sivil la ak lidè politik te reponn prezan jodi jedi 10 desanm lan, pou mache pou lavi, jan òganizatè yo te deja envite popilasyon an anndan yon konferans de près.

"Mache pou lavi" yon fason pou di non ak ensekirite jeneralize anndan peyi a
10 zè di maten plizyè sitwayen te deja reponn prezan sou plas konstitisyon an sou Channmas pou te mache pou lavi, yon fason pou di non ak kidnapin, zak ensekirite ki pa sispann simen dèy. Foul la te pran direksyon bò sine Triomphe pou ale tonbe Lali, kote kèk nan yo te pwofite boule kawotchou epi repete “Nou se teworis, Jovenel se kidnapè”.

Monte Lali pandan foul la t ap gwosi, yo ta pral voye wòch sou lokal Imigrasyon, touswit apre yo te kalme epi reprann chemen yo jistan yo rive anba limyè wouj Lali.

Rive anba limyè Lali, yo te boule anpil kawotchou, voye vye mo kont pouvwa an plas la, fè wonn flanm dife a. Se te menm moman sa a, yon gwoup ki t ap soti sou Nazon te vin kontre yo pou kontinye gwosi foul la ki te vin pi plis ke jan yo te derape a.

Mach la ta pral pran yon lòt imaj nan vire bò Natcom pou desann Bwavèna, kote kawotchou yo te pi plis, wòch ak fatra nan lari a, jistan foul la te rive tou pre avni Charles Summer, kote manif la te dwe fini devan ministè Jistis.

Men byen avan yo rive, bakòp polis ak kamyon dlo grate te getan kanpe pou anpeche manifestan yo rive a destinasyon epi delivre mesaj la. Sa ki te kòmanse mete sitwayen yo an kòlè ki pouse yo di vye mo ak polisye yo, voye fatra anndan DGI a. Polisye yo ta pral voye gaz pou kraze foul la.

Yon bagay ki te rive fèt, kote chak moun f on bò epi ale refijye yo channmas apre gaz lapolis te fin bay.

Rive channmas, foul la pa t gwo kòm avan. Men te gen plizyè sitwayen ki t ap voye wòch sou polisye yo ki te monte barikad anfas baz UDMO a. Voye wòch yo te sanble yon fason pou pwovoke fòs de lòd yo. Polisye yo te reyaji epi itilize anpil gaz epi kraze mache pou lavi a.

Yon Mach ki òganize san twò gwo ensidan majè kote nou te remake plizyè gwo figi, pami yo, Pierre Esperance, Edmonde S. Beauzile, Lacky Lumarque, Rosemond Pradel, John Joël Joseph, Jessica Geneus, Antonio Cheramy, Magalie C. Denis, Maryse Penett, Printemps Bélizaire elatriye.

N ap raple w mach pou lavi sa fèt touswit apre anpil zak kidnapin, banditis ak ensekirite jeneralize ki blayi anndan peyi a ki pa epanye okenn kouch.

Dekouvri plis:

Twa jèn medsen ayisyen anbrase “medsin prevantiv” pou enfòme entènot sou rezo a

Plus de contenu

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...

Actualités

Wilson Léandre, chauffeur du Secrétaire Général du Haut Conseil de Transition, Antony Virginie Saint-Pierre a recouvré sa liberté contre rançon. Après un mois de...

Actualités

Les employés de la Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif (CSCCA) sont toujours séquestrés malgré le versement de la rançon exigée par...