Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Manje “manje mimi” ak pran “Ti anpoul” pou gwosi ka gen gwo konsekans sou sante moun, daprè yon espesyalis

Manje "manje mimi" ak pran "Ti anpoul" pou gwosi ka gen gwo konsekans sou sante moun, daprè yon espesyalis

Manje « manje mimi » ak pran « Ti anpoul » ak piki « Depo-provera » pou gwosi ka gen gwo konsekans sou sante moun daprè espesyalis Kerry Norbrun.

Depi kèk jou, gen yon bagay k ap pale nan plizyè katye nan kapital la ki se manje chat ak yon medikaman yo rele “Ti anpoul”. Koze sa menm koumanse pran rezo a menm jan nou wè koze Dubaï Porta Potty te fè pil pale anpil la. Daprè plizyè sitwayen, yo ta lèse kwè gen fanm ki pran manje chat la yo manje l nan lèt, genyen tou ki pran Ti anpoul nan ji pou kapab gwosi, pou yo parèt an fòm. Enfòmasyon sa yo pa twò diferan nan plizyè katye nou pase lè n tande sitwayen yo k ap pale sou koze sila.

Nan ankèt redaksyon jounal la mennen dènye semèn ki sot pase la, gen 2 moun ki revele n yo konn moun ki pwòch yo k ap viv menm kote ak yo ki pran sibstans sa yo si n ta ka di l konsa. Dimanch ki te 5 jen an, youn nan 2 moun sa yo ki se yon jèn demwazèl ki te aksepte fè yon ti pale ak nou, eksplike n pou l di n, li konn yon kouzin li ki manje manje mimi. “Wi mwen okouran gen moun ki manje l pou ka gra. Mwen gen yon kouzin mwen, li manje l, e li fè sa an kachèt. Dayè lakay la pa gen chat, sa pou l fè manje mimi”, se konsa demwazèl sa te pale pandan l te evite mete n an kontak ak kouzin li an pou n sètifye sa l ap di n yo.

Juno7 Pub

Malgre nou pa gen yon prèv tanjib nan sa moun yo ap pale a nan lari a, sa pa t anpeche nou kontinye ap chache enfo pou tonbe sou kèk pis. Yon dezyèm moun te deside mennen nou lakay yon dam ki di l gen 35 lane. Dam sa pa gra, li revele pou nou aprè anpil ensistans li konn pran “Ti anpoul” la men li pa nan koze manje mimi. “Wi mwen pran l men mwen pa nan koze manje mimi paske bagay sa gen vye sant. M pa gen lontan mwen ap pran l, yo di m li bon, mwen bezwen pran yon bèl gram pou vakans lan se poutèt sa mwen pran Ti anpoul paske twòp moun di m mèg mwen sanble ak tatàn”, se konsa l t ap reponn tou jennen aprè anpil tantativ pou l te resi pale.

Nan menm demach la, nou te kwaze ak yon machann manje mimi, nou te bezwen konnen èske li okouran fanm achte bagay sa vre pou kapab gra. Manmi sa ki te ak yon sak sou tèt li ap pwomennen sou Lali pandan n t ap pale ak li pa t an mezi demanti ni konfime sa, toutfwa li te montre gen plis rantabilite kounya nan komès sa. “M pa ka di wi, m pa ka di non. Tout moun vin achte, plis fi achte men mwen pa ka di se pou yo manje pou kapab gwosi. Depi desanm ane pase m ap fè komès la, nan koumansman li te difisil pou m fin vann yon sak nan yon jounen men kounya li pi fasil, m gen plis demann mwen pa konn demann lan si se paske medam yo manje manje mimi an vre.”

Si yon epòk manje mimi sa se nan makèt li te konn vann, kounya machann gaye nan lari Pòtoprens ap pwomennen li. Aprè tout detay sa yo nou te chache pou eseye konprann risk ki ka gen nan konsome bagay sa yo, nou te fè apèl ak Kerry Norbrun ki se yon espesyalis nan medsin prevantiv epi entèn nan Lopital Sent Terèz nan Ench.

Kisa ki gen nan manje mimi ki pa bon pou kò moun?

Kerry Norbrun nan eksplikasyon li yo te atire atansyon jounal la sou ankèt k ap mennen pou ta konnen kantite “acrylamide” ki gen nan manje chat la. Daprè espesyalis la, acrylamide se yon sibstans kanserijèn ki vle di ki ka bay kansè. “Pa gen règleman sou kante acrylamide chat manje parapò ak moun, men yo remake chat yo konsome 10 fwa plis sibstans sa pa rapò ak moun. Akoz de kantite sèl ki nan sereyal sa tou, yo remake chat kab konsome 3,5 fwa plis sèl pase moun. Ki tou vle di medam ki ta ap manje sa w di la yo konsome anpil sèl ki ka ba yo tansyon”.

Kerry Norbrun te kontinye pou fè konnen gen yon lòt sibstans ki trè danje yo jwenn nan manje chat ki se Mikotoksin. “Mikotoksin se yon pwazon ki pwodui pa chanpiyon, yo jwenn nan manje chat yo. Depi 1985, òganizasyon Nasyon Zini pou Alimantastyon ak Agrikilti (FAO) estime 25% rekòlt legim, fwi, sereyal nan mond lan te afekte pa mikotoksin.”

Kerry Norbrun te pwofite pale sou koze “Ti anpoul” la. Nan langaj medsin lan, medikaman sa pote non “Dezametazòn”, li fè pati yon klas medikaman ki rele “Kòtikoyidstewoyid” ki itilize anpil fwa pou redui enflamasyon, selon sa espesyalis nan medsin prevantiv lan eksplike nou.

Jèn medsen an pa ankouraje moun pran Ti anpoul, li fè konnen li pa gen okenn rapò ak gwosi epi li fè konnen moun ki pran abitid konsome l gen anpil chans devlope maladi son ak tansyon epi vin rezistan ak medikaman ki nan klas medikaman dezametazòn lan.

Danje ki gen nan Depo-provera

Selon detay Kerry Norbrun ba nou, Depo-provera se yon piki planin men gen fanm ki pran l pou kabap gwosi. Li fè nou konnen nan eksplikasyon li yo se yon danje lè yon fi ap pran piki sa san okenn avi yon medsen. “Medam yo konn pran l san okenn avi medsen, san okenn egzamen, san yo pa konn si l konpatib ak yo. Piki sa la pou anpeche moun fè pitit, se pa tout moun ki ka itilize l paske gen danje ladan l. Tout fi pa ta dwe sèvi avè l. Avan w sèvi ak li, gen egzamen ou ta dwe fè”.

Kerry Norbrun fè konnen risk piki sa genyen li ka ba w pwoblèm san kote li fè san w vin boul boul. Ou ka ap pran l epi w remake ou wè flou, ou ap esoufle, pwatrin ou ap fè w mal, daprè eksplikasyon espesyalis lan. “Gen risk kansè tete, kansè kòl matris, pakont li redui risk kansè nan andomèt”, daprè sa Kerry Norbrun ajoute.

Manje "manje mimi" ak pran "Ti anpoul" pou gwosi ka gen gwo konsekans sou sante moun, daprè yon espesyalis

Dekouvri plis:

Izo a séquestré 36 passagers à bord de deux autobus à destination de Miragoâne confirme Changeux Méhu

Written By

Mwen se Dimitry Charles, jounalis redaktè anndan Juno7, mwen etidye kominikasyon ak jounalis, mwen fè redaksyon pwojè tou. M ap kolabore anndan Juno7 paske m vle fè yon jounalis itil

Click to comment

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.

Plus de contenu