Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Mario Antonio Palacios vòlè yon kolye, 2 mont ak 2 060 dola ameriken kay Jovenel Moïse pandan yo t ap asasinen l

Mario Antonio Palacios vòlè yon kolye, 2 mont ak 2 060 dola ameriken kay Jovenel Moïse pandan yo t ap asasinen l

Mario Antonio Palacios avwe bay FBI li vòlè yon kolye, 2 mont ak 2 060 dola ameriken lakay Jovenel Moïse pandan yo t ap asasinen l.

Nan yon atik jounal Miami Herald mete deyò, li rapòte temwanyaj yon ajan FBI devan yon tribinal federal nan Miami ki fè konnen Mario Antonio Palacios youn nan mèsenè ki patisipe nan lanmò Jovenel Moïse jou ki te 7 jiyè 2021 an avwe li te pran yon kolye, 2 mont ak 2 060 dola ameriken pandan yo t ap asasinen ansyen prezidan an lakay li. Toujou nan kad ankèt sa, kèk akize ki nan prizon an Ayiti revele ak anketè ameriken ak kolonbyen pou di kantite lajan yo estime ki te genyen kay ansyen prezidan an nan Pèleren 5 varye ant 45 a 53 milyon dola vèt.

Mario Antonio Palacios te ale Mawon nan peyi Jamayik 2 mwa aprè asasina a. Li ta pral pran kontak ak yon moun li fè konfyans ki rele Alberto Moreno, alias « Don Carlos ». Se menm Moreno sa ki ta pral jwe wòl entèmedyè jistan yo ta pral pran asasen prezime an.

Jou ki te 7 oktòb 2021, nan yon echanj videyo ki dire anviwon 6 èd tan, Palacios ta pral avwe li pran yon kolye, 2 mont, 2 060 dola kach ak lòt objè pèsonèl ki te pou Martine Moïse ak ansyen prezidan an. Nan moman sa li potko arete jistan li ta pral jwenn arestasyon l an janvye 2022.

N ap fè konnen tou, jounal Miami Herald revele gen akize ki nan prizon isit ki deklare ak ankèt ameriken ak kolonbyen te gen anndan kay prezidan an jou asasina yon sòm lajan ki evalye ant 45 a 53 milyon dola.

An Ayiti jij Walther Wesser Voltaire k ap ankete sou dosye a pa sispann tande kèk moun. Dènyeman li te tande ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, aprè li te envite Luckner Désir. Yè mèkredi a li tande ansyen senatè Antonio Cheramy.

Nan kad ankèt sa, gen 11 akize ki nan men lajistis ameriken. Gen 3 pami yo ki deja plede koupab nan istwa lanmò sa epi ki riske pou pase tout vi yo nan prizon.

Mario Antonio Palacios vòlè yon kolye, 2 mont ak 2 060 dola ameriken kay Jovenel Moïse pandan yo t ap asasinen l

Dekouvri plis:

Taïwan via l’ICDF a formé 80 femmes en cuisine et cosmétologie dans le Sud et les Nippes

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu