Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Marjory Michel denonse moun k ap fè manti sou li sou rezo a ak nan kek medya pou asasinen karaktè l

Marjory Michel denonse moun k ap fè manti sou li sou rezo a ak nan kek medya pou asasinen karaktè l

Marjory Michel denonse moun k ap fè manti sou li nan kek medya ak sou rezo sosyal yo pou asasinen karaktèl.

Nan yon nòt li rann piblik madi premye novanm 2022, ansyen minis fanm lan Marjory Michel pote demanti fas ak deklarasyon mansonjè li di yon seri moun ap fè nan medya ak sou rezo sosyal yo kont li.

“Mwen denonse e enskri m an fo kont deklarasyon mansonjè yon seri moun ap mache fè nan kèk radyo ak sou rezo sosyal yo kont mwen. Mwen pa gen anyen pou m wè ni pre ni lwen ak mòd rimè sa yo”, se sa l ekri nan nòt sa ki disponib sou paj Facebook li.

Pi lwen, Marjory Michel fè konnen li ekri komisè gouvènman an sou pil pawòl k ap di sou li yo. “Nan kad prevansyon, mwen ekri yon nòt, jou ki lendi 31 oktòb 2022 a nan aswè, bay CG Jacques Lafontant ki se defansè legal sosyete a, yon fason pou m alète l sou nouvo rebondisman sa”.

Ansyèn minis kondisyon fanm ak dwa fanm lan fè konnen avoka l ap drese dosye fòmèl pou bay lajistis pandan l konseye moun k ap sal karaktè l yo ale chèche nan lòt direksyon tenèb la.

Marjory Michel estime yon jou sa ap fini, eta de dwa gen pou l blayi sou peyi a. “Nenpòt moun p ap gen dwa monte sou radyo, nan rezo sosyo, di nenpòt ki bagay sou nenpòt moun pou asasine karaktè yo (…) yon peyi pa ka plonje nan nondwa nèt ale.”

Madam Michel pa t met dlo nan bouch li pou kritike konpòtman moun sa yo pandan l konseye yo pou yo chanje konpòtman. “Fòk aktè politik yo chwazi yon lòt konpòtman. Fòk panorama politik la chanje. Fòk lalwa se sèl bousòl sitwayen ak sitwayèn”.

Li fè konnen li rete kwè nan lajistis peyi l se rezon depi l sibi atak ak menas li enfòme lapolis, enstitisyon dwa moun tankou RNDDH epi revele gen menas ak atak li sibi, li fè jij de pè vèbalize yo epi ajoute pou l di gen plent ki depoze deja se vèdik lajistis l ap tann.

Pou l fini, li fè konnen li an pè ak konsyans li paske l renmen verite ak lapè se rezon ki fè l toujou evite rantre nan tout bagay ki pa klè epi ki pa respekte nòm yo.

Marjory Michel denonse moun k ap fè manti sou li sou rezo a ak nan kek medya pou asasinen karaktè l

Dekouvri plis:

Brésil : Jair Bolsonaro sort de son silence et reconnaît implicitement la victoire de Lula

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) a distribué des produits alimentaires à plus de 1 000 familles dans le quartier de Carrefour Feuille. Avec...

Politique

Michel André et Marjory Michel, les deux porte-paroles officiels du Secteur Démocratique et Populaire, ont rencontré ce mardi 13 décembre l’ambassadeur du Mexique en...

Actualités

Youri Latortue veut traduire en justice Marjory Michel et Edmonde Beauzile, Maître Michel André lui rappelle les sanctions internationales Dans le but de « laver...

Nécrologie

Les funérailles de la mère de l’ancienne ministre à la Condition féminine, Marjory Michel auront lieu le dimanche 14 novembre Les obsèques de la...