Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Matris Liberasyon salye kouraj ouvriye nan faktori yo epi anonse li kore revandikasyon yo

Okap: kowòdinasyon Nò Matris Liberasyon pwopoze ak Leta senk mezi aprè eksplozyon an

Matris Liberasyon  salye kouraj pèp ayisyen an espesyalman kouraj klas ouvriye nan faktori yo epi fè konnen li kore revandikasyon yo a.

Estrikti politik Matris Liberasyon anndan yon nòt pou laprès ki pote dat 12 fevriye 2022 a, di li ap sipòte ak tout fòs li mouvman revandikasyon ouvriye nan faktori yo k ap mande pou otorite konsène yo ogmante salè minimòm lan akoz lavichè a ki pa sispann ogmante ki rann lavi pa bò isit vin pi difisil.

Fas ak sitiyasyon difisil anpil moun anndan sosyete a ap viv, biwo sekretarya santral pati politik Matris Liberasyon fè konnen li wete chapo l byen ba devan moun sa yo ki pa sispann goumen ak lavi epi salye kouraj ouvriye yo li di k ap lite chak jou pou yo kontinye respire malgre grapday y ap touche a.

Se nan menm objektif sa, plizyè santèn ouvriye te tanmen depi semèn pase a yon mouvman revandikasyon pou egzije ak otorite konsène yo panche sou koze salè minimòm lan ki 350 goud. Ti malere sa yo estime lajan sa pa ka fè anyen pou yo akoz lavi a k ap vin pi di chak jou kote pri pwodui yo pa sispann ogmante.

Pandan mouvman ouvriye yo, ajan PNH yo te itilize anpil gaz lakrimojèn pou repouse foul la. Yon konpòtman Matris Liberasyon di l sezi konstate epi konpare l ak konpòtman tonton makout. <<Matris sezi konstate, sou tout rezo sosyal yo, kouman yon seri ajan lapolis ki nan CIMO t ap maspinen  ouvriye-yèz yo, tankou tonton makout,ki t ap reklame pasifikman dwa  yo pou yo gen pi bon salè ki kapab ede yo reziste ak move lavi y ap fè fas ak enflasyon k ap taye banda li nan ekonomi peyi an, kote menm  fanm ansent pa epanye>>.

Matris Liberasyon di li apiye ak tout fòs li mouvman revandikasyon sa epi raple ak ouvriye sa yo, yo se premye viktim sistèm lan. Nan sans sa, li mande yo rele aba dèyè sistèm patwon ak Leta li estime ki mare sosis yo pou fini ak peyi a pandan l fè konnen l ap akonpaye yo nan revandikasyon sa yo.

Estrikti a te fini nòt la pou prezante senpati l ak fanmi viktim yo epi fè solidarite ak moun li di lapolis ap maspinen pandan revandikasyon yo pou mande lavi miyò.

Okap: kowòdinasyon Nò Matris Liberasyon pwopoze ak Leta senk mezi aprè eksplozyon an

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu