Getting your Trinity Audio player ready...
|
Plizyè enstitisyon pami yo Ministè Edikasyon nasyonal (MENFP) mete tèt ansanm pou selebre jounen Entènasyonal lang manman.
Jodi 21 fevriye 2024 la ki make “Jounen Entènasyonal lang manman”, anpil enstitisyon nan leta peyi Dayiti te reyini nan sal konferans Inivèsite Leta Dayiti pou selebre ansanm sou gouvènay Akademi Kreyòl jounen sa anba tèm nasyonal “Lang manman Kreyòl: Kreyòl nan Lajistis”. Seremoni sa ki te rann posib gras ak Ministè Edikasyon Nasyonal, Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, Fakilte Lengwistik Aplike, Ofis Pwotesksyon Sivil ak Lekòl Majistra.
Pou montre kontantman l pou desizyon sa ki pran pou entegre lang kreyòl nan lajistis nan peyi Dayiti, Minis Edikasyon nasyonal la fè konprann, sa te pran twò lontan paske majorite ayisyen moun k ap chache jistis pa konprann vrèman kisa tèks lwa yo di. Nesmy Manigat ale pi lwen pou mande aplikasyon desizyon sa nan tout sektè nan peyi a pandan l raple se kreyòl ki lye nou kòm ayisyen. Minis lan souliye tou efò pa l pou valorize lang kreyòl la nan tout lekòl nan peyi a.
Yon lòt kote, pwofesè Fritz Deshommes ki se Rektè Inivèsite Leta te pale pou l eksprime tou kontantman l. Rektè a pwofite de tan sa pou voye yon kout chapo pou tout enstitisyon yo ki tr Chita ansanm pou rive nouri lide sa ki se entegrasyon Lang Kreyòl nan Lajistis. « Nou nan ane 2024 ki make 10èm lane egzistans enstitisyon an. 10 an apre kreyasyon AKA, se yon lonè pou li patisipe nan kalite pwogrè evènman sila kòm yon siy yon gran pa annavan nan konba n ap mennen pou lang manman nou an.
Lòt pwen enpòtan ki merite nou dwe siyale : se yon inisyativ ki dwe pèmèt peyi a gen yon Fakilte Dwa kote yo ap fòme moun ki gen kòm prensipal misyon travay pou yo amelyore lajistis, respè dwa moun, elatriye. Nan sans sa a, nou dwe sonje : pa ka gen respè dwa moun san respè dwa lengwistik popilasyon an », se sa Rektè Fritz Deshommes te ajoute.
Aktivite sa tou te yon okazyon pou prezante senk moun ki genyen konkou Tradiksyon ak « Endepandans peyi a », ak Diskou Jean Jacques Dessalines te pwononse premye Janvye 1804. Se Rektora Inivèsite Leta ak Akademi Lang Kreyòl Ayisyen ki te òganize konkou sa.
Ganyan yo se; Esaih Jean Ernest Belance (FLA, premye pri), Nissi Gabriella Jean (FLA, dezyèm pri), Anne Lennie Jean-Baptiste (IERAH, twazyèm pri), Lewis Parisien (FAMV, katriyèm pri), Fatsenky Saint-Pierre (FLA, senkyèm pri).
N ap raple Tèm UNESCO nan okazyon jounen Entènasyonal Lang Manman pou ane sa se; “Edikasyon nan plizyè lang se yon pilye pou aprantisaj entèjenerasyonèl la”