Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP anonse enskripsyon pou premye sesyon egzamen Bakaloreya pou ane 2023 a pou kandida ki echwe yo

MENFP anonse enskripsyon pou premye sesyon egzamen Bakaloreya pou ane 2023 a pou kandida ki echwe yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl anonse enskripsyon pou premye sesyon egzamen Bakaloreya pou ane 2023 a pou kandida ki echwe yo.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan yon nòt li mete deyò anonse l ap òganize premye sesyon egzamen Bakaloreya yo soti 13 pou rive 16 fevriye k ap vini la pou kandida ki te echwe nan eprèv pase yo. Nan sans sa, enskripsyon yo ap koumanse demen lendi 9 janvye a nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo, y ap fini 27 janvye 2023.

« Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) enfòme piblik la an jeneral, sitou kominote edikatif la, Sant Pèmanan Evalyasyon an ap òganize premye sesyon egzamen bakaloreya pou ane 2023 pou kandida ki echwe yo, soti 13 pou rive 16 fevriye 2023 », se sa nòt ministè a rapòte.

Nan eksplikasyon MENFP yo, li raple ak kandida echwe yo, yo pral konpoze nan matyè yo pa t fè nòt yo pandan l pote presizyon pou l di: « Kandida sila yo pral konpoze senpman nan matyè yo pat fè mwayèn yo (nòt ki anrejistre nan baz done BUNEXE la) pou yon peryòd de (2) lane apre evalyasyon an. Apre tan sila a, Kandida yo oblije konpoze nan tout matyè yo si yo pat janm pase. »

Tout kandida ki swete ale rekonpoze kapab fè sa nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo soti 9 pou 27 janvye. Y ap gen pou mache ak: Fich patisipasyon nan dènye egzamen yo oubyen yon atestasyon relve MENFP ; De (2) foto idantite ; Frè patisipasyon de mil (2 000) goud pou chak kandida.

Egzamen sa yo se Sant Pèmanan Evalyasyon ki jere yo. Se yon Dekrè ministeryèl ki te kreye Sant Pèmanan Evalyasyon, ki siyen pa Minis Nesmy MANIGAT, e ki te pibliye nan dat 2 jen 2022.

MENFP anonse enskripsyon pou premye sesyon egzamen Bakaloreya pou ane 2023 a pou kandida ki echwe yo

En savoir plus:

Nesmy Manigat et Ignace Saint-fleur ont visité le chantier de construction du lycée Marie Jeanne

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Nesmy Manigat présente la campagne mondiale du GPE au Parlement espagnol L’Envoyé de haut niveau et Conseiller du Partenariat Mondial pour l’Éducation (Global partnership...

Actualités

Des élèves de lycées ont manifesté à Port-au-Prince pour réclamer le retour des enseignants en classe Moins d’un mois après la réouverture officielle des...

Société

Fixée au 1er octobre 2025, l’ouverture des classes se prépare dans un climat d’inquiétude. Entre l’inflation, les frais scolaires élevés et le déplacement forcé...

Actualités

Une première étape pour renforcer la gouvernance et l’accréditation du système éducatif. Le Ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a...