Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP denonse atak endividi ak inifòm ki kagoule fè sou Lise Mari Jàn ak Jèn Fi pou yo fèmen pòt yo

MENFP denonse atak endividi ak inifòm ki kagoule fè sou Lise Mari Jàn ak Jèn Fi pou yo fèmen pòt yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl denonse atak endividi ki pote inifòm ak sa ki kagoule fè sou Lise Mari Jàn ak Jèn Fi pou fòse yo fèmen Pòt yo.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan yon nòt li mete denonse epi fè konnen li kondane atak endividi fè jodi lendi 13 mas la sou 2 Lise nan kapital la ki se Mari Jàn ak Jèn Fi. Gwoup moun sa yo genyen ladan yo ki te pote inifòm lise, brasa nan men yo epi ki te kagoule kraze baryè, vit machin ki te sou lakou lekòl sa yo, desann drapo epi menase pou fèmen 2 lekòl sa yo.

“Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyònèl (MENFP) denonse aksyon plizyè endividi malonèt fè devan ak nan lakou lise Jèn Fi ak lise Mari Jàn, nan Pòtoprens, pou twouble fonksyonman lekòl sa yo, jodi lendi 13 mas 2023 a”, se konsa Ministè a te reyaji pou montre mekontantman l ak sa ki pase a.

Pi lwen anndan nòt sa, Ministè a fè konnen se gras ak entèvansyon lapolis ki fè pa t rive gen plis dega pandan l te pou pwofite dekri kategori endividi sa yo ki komèt aksyon sa yo. “Pami endividi sa yo, genyen ki te pote inifòm lise, ak lòt ki te gen kagoul nan tèt yo ak brasa nan men yo. Yo kraze baryè, kraze vit plizyè machin, desann drapo e fè menas pou yo ka fèmen 2 lise sa yo.”

Otorite Ministè yo mande tout aktè, tout patnè ak tout sitwayen pou yo kontinye mete men pou defann dwa pou lavi ak dwa pou ledikasyon timoun yo, e pwoteje lekòl.

N ap raple yon gwo reyinyon te fèt semèn pase a ant Ministè Jistis ak Sekirite Piblik ak Ministè Edikasyon Nasyonal pou wè pa ki mwayen yo ka sove ane lekòl fas ak kriz sekiritè a ki ap annwiye bon dewoulman ane lekòl la kote anpil etablisman pa ka fonksyone, genyen ki kontinye kou yo an liy, anpil lòt oblije fèmen oubyen timoun yo pa mete pye sitou nan zòn ki pi ekspoze ak afwontman gang ak gang oubyen lapolis fas ak bandi.

MENFP denonse atak endividi ak inifòm ki kagoule fè sou Lise Mari Jàn ak Jèn Fi pou yo fèmen pòt yo

 

En savoir plus:

72 policiers assassinés du 12 mars 2021 au 26 janvier 2023 : les bandits ont carte blanche pour agir, dénonce le CARDH

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Éducation

3 889 enfants et 294 enseignants sont hébergés dans 25 écoles à Port-au-Prince, selon une enquête du Ministère de l’Éducation Nationale et de la...

Éducation

Résultats des examens de la neuvième année fondamentale: 85% de réussite au niveau national. Désormais, tous les dix départements du pays ont leurs résultats...

Éducation

Le département de l’Ouest affiche un taux de réussite de 83% aux examens officiels de la 9e A.F, selon le MENFP. Le Ministère de...

Éducation

Mikistè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kreye yon komisyon ki pou travay sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa ak idantifye elèv ak...