Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP distribiye 3 000 egzanplè liv inik pandan dewoulman “Livres en Folie” an

MENFP distribiye 3 000 egzanplè liv inik pandan dewoulman "Livres en Folie" an

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl distribiye 3 000 liv ak kaye inik gratis pandan dewoulman “Livres en Folie”.

Nan okazyon dewoulman 29èm edisyon “Livres en Folie” ki dewoule yè jedi 8 jwen 2023 nan Otèl Karibe, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pwofite moman sa pou distribiye gratis 3 000 liv ak kay inik pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal. Nan kad pwogram liv inik lan, otorite nan ministè a estime egzanplè sa yo se yon bon zouti didaktik ak pedagojik pou yon pi bon kalite lekòl nan peyi Dayiti. Soulajman pou paran ak élèv.

“Ministè Edikasyon Nasyonal ap prezan ane sa a nan nan Liv an Foli, jedi 8 jen, nan karibe. Se yon lòt okazyon pou Ministè a kontinye sipòte gwo inisyativ sa a, men tou pou pèmèt piblik la konprann pi byen Liv eskolè inik lan. MENFP ap distribye 3000 egzanplè Liv inik”, se konsa MENFP te fè anons la.

Inisyativ sa te lanse out 2022. Nesmy Manigat te pwofite eksplike objektif pwojè sa a. Li te rale divès pwen tankou tranfòme mòd lekòl akayik la ki plis chita sou echèk olye li mete devan reyisit elèv yo. Li te soulve yon pakèt lòt pwen toujou. Sa yo fè minis lan gen konviksyon ak nesesite pou transfòme lekòl la lè yo kòmanse fè timoun yo aprann an kreyòl.

Nesmy Manigat remèsye tout moun ki te vizite espas MENFP a nan Livres en Folie a epi anonse ministè a deja ap travay sou preparasyon liv inik pou klas twazyèm ak katriyèm ane fondamantal. “Nou remèsye tout patisipan, paran, direktè lekòl pwofesè, elèv, medya ki vizite ministè Edikasyon Nasyonal nan “Livre en folie”. MENFP deja ap travay sou liv 3è ak 4è ane fondamantal pou ane eskolè 2023-2024.”

MENFP distribiye 3 000 egzanplè liv inik pandan dewoulman "Livres en Folie" an

Dekouvri plis:

Haïti : l’essentiel de l’actualité pour ce vendredi 9 juin 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Éducation

3 889 enfants et 294 enseignants sont hébergés dans 25 écoles à Port-au-Prince, selon une enquête du Ministère de l’Éducation Nationale et de la...

Éducation

Résultats des examens de la neuvième année fondamentale: 85% de réussite au niveau national. Désormais, tous les dix départements du pays ont leurs résultats...

Éducation

Le département de l’Ouest affiche un taux de réussite de 83% aux examens officiels de la 9e A.F, selon le MENFP. Le Ministère de...

Éducation

Mikistè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kreye yon komisyon ki pou travay sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa ak idantifye elèv ak...