Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal yo

MENFP entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal yo

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse li entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal peyi Ayiti.

Nan yon kominike pou laprès li pibliye jounen vandredi 26 me a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl anonse li entèdi fòmèlman kou ratrapaj pou lajan nan lekòl piblik yo.

MENFP di li denonse pratik sa a kote pwofesè ki gen pou fè kou pa mete pye nan sal klas yo pandan y ap òganize kou ratrapaj pou lajan pou elèv yo. « MENFP denonse tou konpòtman kèk pwofesè ki pa vini bay sèvis nan lekòl Leta yo aloske yo al fè kou nan lekòl prive yo », ministè a ajoute.

Ministè di li rekonèt tout travayè gen dwa pou l pwoteste lè li pa satisfè. « Men li gen devwa tou, lè li touche, pou li bay sèvis, sitou pou timoun lekòl piblik yo ki déjà pèdi anpil jou lekòl, akòz sitiyasyon peyi a », nou li nan nòt sila.

Advertisement. Scroll to continue reading.

Pandan li lanse yon apèl ak konsyans pwofesyonèl ak sans responsabilite anseyan ki touche epi ki pa al fè kou, MENFP di l ap kontinye dyalòg la ak sendika anseyan yo sou revandikasyon pwofesè yo nan lekòl piblik yo. « Se ansanm ak nan konpreyansyon difikilte ekonomik yo ak lòt n ap rive jwenn solisyon ak pwoblèm yo », enstitisyon sila rapousib.

Yon lòt kote, MENFP raple li lanse kou ratrapaj pou elèv ki pral nan egzamen Leta yo (9yèm ane fondamantal ak segondè 4) ane sa. « Kou sa yo ap bay gratis nan plizyè lekòl piblik ak nan plizyè depatman. Paran yo pa gen pou peye senk kòb pou sa », ministè a fè konnen.

MENFP entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal yo

Dekouvri plis:

La crise haïtienne passe de la sphère de l’ONU à celle de la Caricom, des acteurs sont invités à une réunion à la Jamaïque

Advertisement. Scroll to continue reading.
Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

 Le MENFP annonce l’ouverture des inscriptions pour la deuxième session des candidats recalés du baccalauréat de juillet 2023. Le ministère de l’Éducation nationale et...

Éducation

 Le MENFP clôture l’atelier de deux jours sur la révision de la Politique et la stratégie nationale d’alimentation scolaire. Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Aktyalite AN KREYÒL

 Ministè Edikasyon Nasyonal kondane zak sasinay sou Jean Louis Samuel, yon elèv segondè 1 nan Kafoufèy. Nan yon kominike pou laprès li pibliye jounen...

Éducation

 81 896 diplômes livrés : Nesmy Manigat souligne les avancées de la feuille de route numérique 2022-2023 du MENFP. Le ministre de l’éducation nationale...