Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

MENFP kreye yon komisyon ki pou idantifye elèv ak anseyan ki deplase akoz vyolans gang

MENFP kreye yon komisyon ki pou idantifye elèv ak anseyan ki deplase akoz vyolans gang
Getting your Trinity Audio player ready...

Mikistè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kreye yon komisyon ki pou travay sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa ak idantifye elèv ak anseyan ki deplase akoz vyolans nèg ak zam kreye nan plizyè katye.

 

Nan yon kominike pou laprès ministè edikasyon nasyonal mete deyò, li anonse li kreye yon komisyon ki gen pou objektif travay sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa yo epi idantifye elèv ak anseyan ki kite lakay yo akoz nèg ak zam k ap simen latwoublay nan plizyè katye tankou Taba, Kafoufèy, Kanaran, Pènye elatriye. Lide sa vini pou byen prepare rantre lekòl la, daprè MENFP.

“Nan kad inisyativ k ap pran pou prepare rantre lekòl la ak jere ane akademik 2023-2024 la, e sitou jwenn solisyon sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa pou deplase yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak lòt kote nan peyi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la, sitou kominote edikatif la, li mete kanpe yon komisyon pou jere enplikasyon dosye sa a nan sistèm edikatif la”, se sa kominike près la fè konnen.

Komisyon sa gen ladan l kad direksyon teknik ak direksyon depatmantal ministè a. Misyon yo se fè ankèt e bay rapò sou kantite timoun lekòl ak anseyan ki deplase ak kantite lekòl ki sèvi abri provizwa. “Komisyon sa a gen pou fè pwopozisyon pou twouve altènativ pou pèmèt repriz aktivite lekòl la nan sant eskolè ki sèvi pou abri pwovizwa yo”, selon sa kominike a konnen.

MENFP di li resanse 12 lekòl ki sèvi abri pwovizwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. 8 ladan yo se lekòl Leta. “Sa deja fè anviwon 150 sal klas ki riske ajoute sou sa ki pa disponib pou rantre lekòl 11 septanm nan”, se sa MENFP souliye.

Otorite ministè yo di yo renouvle solidarite l bay paran elèv yo ak tout kominote edikatif la nan moman difisil sa yo, pou sakrifis yo toujou fè pou pòt lekòl nan katye pa yo rete louvri.

MENFP kreye yon komisyon ki pou idantifye elèv ak anseyan ki deplase akoz vyolans gang

À lire aussi:

Les opérations de la PNH se poursuivent, plusieurs bandits tués à Carrefour-Feuilles, une enquête judiciaire ouverte sur Canaan, annonce Frantz Elbé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi...