Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

MENFP mande respekte dat 3 oktòb la, pou direktè pa louvri pòt lekòl yo avan dat sa

Getting your Trinity Audio player ready...

Ministè Edikasyon Nasyonal mande respekte 3 oktòb la, pou direktè pa louvri pòt lekòl yo avan dat sa.

Nan yon nòt li te mete deyò 26 dawout ki sot pase a, ministè edikasyon nasyonal te anonse li ranvwaye ouvèti lekòl la pou 3 oktòb k ap vini la. Nan yon lòt kominike li pibliye jodi lendi a, ministè a mande pou tout moun respekte desizyon sa an patikilye direktè lekòl yo.

Nan kominike pou laprès sa, ministè a mande pou respekte tout konsiy li yo sou desizyon li pran an. “Nan sans sa, li enpòtan pou tout ajan edikatif yo (direktè lekòl, pwofesè ak paran) travay nan tèt ansanm pou respekte dat 3 oktòb la pou rantre lekòl la”, mesaj otorite MENFP yo anndan kominike sila.

Fas ak sitiyasyon sosyopolitik peyi a k ap degrade chak jou ki jou, ministè a pwofite atire atansyon chak grenn aktè epi envite yo fè plis jefò pou mete solidarite ak inite antre yo. Se nan menm ide sa, MENFP rete kwè li pa t ap bon ditou pou direktè yo nan moman difisil sa ta louvri lekòl yo avan dat 3 oktòb la. “Li pa t ap bon ditou, nan peryòd difisil n ap viv jounen jodia pou kèk direktè ap chache louvri pòt lekòl yo avan dat 3 oktòb la jan Leta mande sa”.

Nan sans sa, MENFP ki gen nan tèt li minis Nesmy Manigat mande ak tout direktè depatmantal edikasyon yo, enspektè yo, meri yo, kazèk ak azèk yo, pou pran responsabilite yo, yon fason pou fè respekte dat sa.

Desizyon ministè a vini aprè anpil sektè nan lavi nasyonal la te swete yo repouse dat ouvèti lekòl la akoz lavi chè ak ensekirite a. Nan yon konsèy gouvènman, otorite yo te deside pran desizyon sa pou soulaje kèk paran.

Dekouvri plis:

29 Août 1793: proclamation de l’abolition de l’esclavage dans la partie Nord de Saint-Domingue par Sonthonax

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu