Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

[Audio] Mesaj pou kominote-a

Haïti News - Actualité - Politique - Culture - Sport - Juno7

[zoomsounds_player artistname=”Pep Ayisyen” songname=”Mesaj la!” type=”detect” dzsap_meta_source_attachment_id=”17666″ source=”https://www.juno7.ht/wp-content/uploads/2019/02/AUDIO-2019-02-19-14-55-14.mp3″ thumb=”https://www.juno7.ht/wp-content/uploads/2018/11/Juno7-Haïti-Actualités-News.png” config=”default” autoplay=”on” loop=”off” open_in_ultibox=”off” enable_likes=”off” enable_views=”off” play_in_footer_player=”on” enable_download_button=”off” download_custom_link_enable=”off”]

Ayisyen,

Konpatriyòt yo,

Frèm ak sèm.

Kijan nou fè rive la ?

Kiyès ki ka dim, en ?

Kilè premye wòch la te voye ?

Kilè premye kout manchèt la te bay ?

Pwovèb la di :

Bay kou bliye, pote mak sonje.

Men, nou tout gen mak pavre ?

Gen lè nou tout te bay yon kou, Menm lè se remèt nou tap remèt

èske nap kontinye remèt ?

èske nap kontinye kite frè ak sè nou soufri ?

èske nap kontinye fè dlo soti nan je manman nou ?

Otan ! Mezanmi,

Otan

An nou retounen mete lanmou nan kè nou,

Konsa, je nou a vin pi klè

Pi klè pou nou ka wè frè ak sè nou kap kroupi nan mizè

An nou sispann vann lanmou ki nan kè nou,

Pou senkant goud,

Pou mil goud

Pou menm 4 milya 2 san milyon dola

Ayisyen,

Sitwayen !

An nou ranmase karaktè nou,

Se pa konsa nou te ye.

Sonje kondisyon nou te pase pou youn te voye je sou lòt

Sonje ! 

Nou vivan,

Nou se moun !

Nou se ayisyen !

Nou se Ayiti !

Ayiti !

Premye tè libète,

Tè ki pou tout moun lan,

Tè kote pa gen moun pase moun.

Nou se Ayiti !

Nou di : ASE

ASE !

Sispann rete kache

Sispann tann yo fè pou nou

E SI nou tout ta mete men ?

E si katolik, protestan, vodouyizan ta fè konbit ?

Yon konbit ki ta pase pran :

Peyizan, inivèsitè, komèsan, sektè prive e la triye…

Konsa, tout pitit peyi a ta jwenn kè kontan, nan lanmou ak lapè.

 

Plus de contenu