Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Minis Nesmy Manigat chita pale ak yon trantèn òganizasyon sendikal k ap defann anseyan yo

Minis Nesmy Manigat chita pale ak yon trantèn òganizasyon sendikal k ap defann anseyan yo

Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, chita pale ak yon trantèn òganizasyon sendikal k ap defann anseyan yo.

Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, rankontre jedi 21 avril 2023 a, ak yon senkantèn sendikalis ki reprezante yon trantèn òganizasyon sendikal. Pandan chita pale sa, sendikalis yo k ap defann anseyan yo te soulve nesesite pou gen pase men ki fèt nan kaye revandikasyon yo te soumèt bay otorite yo nan MENFP akòz deteryorasyon sitiyasyon sosyal ak ekonomik la.

Pandan rankont sa tou, responsab MENFP a te vle tande sendikalis sa yo sou plizyè sijè tankou nominasyon, regilarizasyon sitiyasyon sila yo k ap travay san yo pa gen lèt nominasyon, ajisteman salè, aryere salè, kat debi ak kesyon chèk salè ki livre ak anpil jou reta.

Senkantèn sendikalis sa yo te pwofite moman sa pou bay ide yo sou yon pakèt pwoblèm k ap toumante sektè edikasyon Ayisyen an. Yo te pale sou kesyon lekòl k ap mal fonksyone paske yo pa gen bon lokal ; lekòl ki oblije deplase ou nan sèten ka oblije fèmen pòt yo pou kòz vyolans; oubyen ankò anseyan ki pa ka travèse kèk zon danjere pou al travay nan yon lòt zòn.

Kèk nan sendikalis yo te soulve nesesite pou gen pase men ki fèt nan kaye revandikasyon yo te soumèt bay otorite yo nan ministè Edikasyon nasyonal akòz deteryorasyon sitiyasyon sosyal ak ekonomik la men sijè sa pa t fè inanimite nan mitan yo paske sèten lòt estime kaye revandikasyon an ranmase byen ranmase tout ekspresyon lit òganizasyon sendikal nan sektè edikatif la.

Minis Nesmy Manigat chita pale ak yon trantèn òganizasyon sendikal k ap defann anseyan yo

Sou bò pa l, Minis Nesmy Manigat deklare “genyen nan revandikasyon sa yo gouvènman tranzisyon an kapab fè jefò pou panche sou yo, konsa tou gen lòt se sèl yon gouvènman ki sòti nan eleksyon ak yon palman ki kapab fasilite yo abouti. Sepandan, anyen pa anpeche dialòg la rapousuiv paske se yon nesesite sosyal”, pandan l bay garanti l ap kontinye travay ansanm ak rès gouvènman sou dosye anseyan yo.

Minis edikasyon an pale tou sou koze chèk pwofesè kèk Direksyon depatmantal edikasyon kenbe paske yo pa janm prezante nan klas. Li fè konnen mezi sa gen tout sans li paske Leta a pa kapab kontinye ap livre chèk pou anseyan ki toujou absan san li pa menm konnen si anseyan sa yo toujou nan peyi a ou si yo entèrese ak metye a toujou.

Pandan peryòd kontwòl sa, okenn lòt moun pa otorize retire chèk pou yon anseyan. Se konsène a li menm menm ki dwe fè sa. Daprè minis Manigat, se yon mezi ki ta dwe bay Leta a plis mwayen nan sekirize lajan pou nome oubyen regilarize dosye anpil anseyan ki an atant.

Sou koze grèv anseyan nan plizyè lekòl Leta nan Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens, Nesmy Manigat fini pou l di yo retounen travay nan enterè elèv yo ki pa dwe pèdi rès ane lekòl la. Se konsa li bay garanti Leta a kontinye fe devwa pa l nan cheche mwayen pou reponn revandikasyon anseyan.

Dekouvri plis

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce vendredi 21 avril 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Éducation

3 889 enfants et 294 enseignants sont hébergés dans 25 écoles à Port-au-Prince, selon une enquête du Ministère de l’Éducation Nationale et de la...

Éducation

Résultats des examens de la neuvième année fondamentale: 85% de réussite au niveau national. Désormais, tous les dix départements du pays ont leurs résultats...

Éducation

Le département de l’Ouest affiche un taux de réussite de 83% aux examens officiels de la 9e A.F, selon le MENFP. Le Ministère de...

Éducation

Mikistè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kreye yon komisyon ki pou travay sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa ak idantifye elèv ak...