Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ministè Agrikilti demanti pawòl ki fè kwè li pataje yon dokiman ak dominiken ki bay Luis Abinader rezon sou koze kanal la

Ministè Agrikilti demanti pawòl ki fè kwè li pataje yon dokiman ak dominiken ki bay Luis Abinader rezon sou koze kanal la

Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) demanti pawòl ki fè kwè li pataje yon dokiman sekrè ak dominiken ki bay Luis Abinader rezon sou koze konstriksyon kanal sou rivyè Masak la.

Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral atravè yon nòt li mete deyò demanti pawòl k ap sikile ki lèse kwè li ta pataje yon dokiman sekrè ak dominiken ki bay prezidan peyi vwazen an Luis Abinader rezon sou koze konstriksyon kanal sou rivyè Masak ki ap fè pil pawòl anpil. Ministè a fè konnen pozisyon l toujou ale bò kote peyi ak agrikiltè nan plèn Maribawou epi fè konnen y ap akonpaye yo travay k ap fèt yo nan lide pou li respekte nòm teknik epi pou l pa gen okenn enpak sou lavi moun.

“Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) sezi aprann nan laprès Minis Agrikilti a ta pataje ak Dominiken yon dokiman sekrè ki ta bay Prezidan Dominiken an rezon sou pozisyon li pran nan dosye konstriksyon Rivyè Masak la. Ministè ap pote yon demanti a rimè sa ki pa chita sou pyès fondman”, se sa ministè a ekri nan nòt sa.

Pi lwen, ministè a fè konnen li toujou defann pozisyon ki ale nan enterè peyizan ak agrikiltè nan Plèn Maribawou. “Se pou rezon sa, nan tout reyinyon ministè a toujou defann dwa pou peyi Dayiti benefisye egal a egal resous peyi a pataje ak vwazen dominiken”, se sa li raple nan nòt sila.

Otorite nan ministè Agrikilti fè konnen pi lwen li pran tout dispozisyon pou li akonpaye chantye a jan gouvènman an te mande sa 13 septanm ki sot pase a epi ajoute pou l di akonpayman sa se yon fason pou konstriksyon an reponn ak nòm teknik yo epi tou pou li pa gen okenn enpak sou lavi moun ak plantasyon nan Ba Maribawou.

Ministè fini pou l di li mete l disponib pou li chita pale ak tout sektè ki konsène nan konstriksyon Kanal pou yon pibon planifikasyon chantye yo epi konsyan mobilizasyon se ekspresyon solidarité ak patriyotis yon popilasyon ki montre lemondantye Ayiti se yon Nanchon granmoun.

Ministè Agrikilti demanti pawòl ki fè kwè li pataje yon dokiman ak dominiken ki bay Luis Abinader rezon sou koze kanal la

A lire aussi :

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 21 septembre 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu