Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Mobilizasyon 18 novanm: Kijan sa demare epi jan lari a ye?

Mobilizasyon 18 novanm: Kijan sa demare epi jan lari a ye?

Jan sa te anonse pa plizyè branch opozisyon an anndan konferans ke yo te bay, jodi mèkredi 18 novanm lan anpil mobilizasyon anonse divès kote anndan peyi a pou kontinye mande depa prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a.

Yon lari ki leve timid kote pa vrèman gen aktivite. Nan siyonaj ekip redaksyon an nou te remake granm bonè 2,3 grenn chofè kamyonèt sou Nazon an ki t ap tante sove yon kous. Plizyè kirye kanpe bò lari ak radyo oubyen kask nan zòrèy yo ap enfòme de sitiyasyon an. Kanta pou biznis, tout fèmen, sitou nan zòn kote manif yo souvan pase.

Nan kafou Ayewopò ki tounen depi kèk lane zòn manifestasyon, ke yo batize kafou rezistans, te gen plizyè manifestan ki te getan mase depi granm bonè pou tann lòt gwoup vin ranfòse yo. Vè 9 vè yo konsa, yo te f on seremoni mistik jan sa konn fèt kòm dabitid. Anndan seremoni sa, yo te touye yon kòk kalite kote manifestan yo fè konnen san kòk kalite a reprezante san militan politik ki t ap goumen ki mouri pandan mobilizasyon an ak lòt ayisyen ki mouri anba machin ensekirite a.

Te gen yon gwoup ki te ap monte Lali, desann Nazon pou al tonbe Kafou Ayewopò ki ale rejwenn foul kafou Ayewopò. Foul sa te vin gwosi ekip ki te deja la nan Kafou Ayewopò a kote yo akonpaye ak “chech sound” k ap mete animasyon

Nou te remake prezans plizyè bakòp nan plizyè pwen stratejik. Yon mobilizasyon ki gen 2 tèt, yon bò ekip sektè Demokratik la ki pa deside ale devan anbasad amerikèn, yon lòt bò ekip Pitit Desalin lan ki di tèt dwat devan anbasad.

Dekouvri plis:

18 Novembre 1803 : 217ème Anniversaire de la Bataille de Vertières

Plus de contenu

Actualités

Le parti politique les Engagés pour le Développement (EDE) annonce une nouvelle journée de mobilisation antigouvernementale pour ce mardi 13 février. En conférence de...

Politique

18 novembre : le premier ministre Ariel Henry souhaite que l’exemple de Vertières inspire et aide les Haïtiens à reconstruire le pays Pour marquer...

Actualités

L’ambassade des États-Unis en Haïti ferme ses portes à l’occasion du 18 novembre Haïti.- L’ambassade des États-Unis à Port-au-Prince annonce qu’elle ferme ses portes...

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 18 novembre 2022. 18 novembre...