Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kanada: vil Monreyal entèdi moun ki santi fò rantre nan bibliyotèk piblik yo

Kanada: vil Monreyal entèdi moun ki santi fò rantre nan bibliyotèk piblik yo

Kanada: vil Monreyal pran desizyon pou moun ki gen move sant rantre nan bibliyotèk piblik yo.

Vil Monreyal nan peyi Kanada deside lite kont moun ki gen move sant, sa nou ta ka rele santi fò a. Sou 19 awondisman vil sa genyen, 9 ladan yo deja pran desizyon pou moun ak gwo sant pa rantre nan bibliyotèk piblik yo, mezi sa ap rantre an vigè premye janvye 2024. 9 lòt gen pou vote menm mezi sa epi 2 lòt awondisman ki rete yo ap gen pou chita sou koze sa pou pran yon desizyon, daprè sa jounal etranje yo rapòte.

Gen plizyè asosiyasyon ki tire pye pou di sa se mezi ki gen pou wè ak diskriminasyon kont moun ki pa gen kay k ap dòmi nan lari ki konn vizite bibliyotèk sa yo. Vil Monreyal sou bò pa l pou defann tèt li fè konnen ke pèsonèl bibliyotèk piblik yo ap viv sitiyasyon konplèks ki mande pou pwoteje ak ankadre yo. Ki ta vle di se rezon sa desizyon sa pran.

Yon moun ki pa respekte desizyon sa ka tonbe anba sanksyon nan peye yon amand ki ka ale jiska 3 mil dola kanadyen. Nan yon premye moman y ap mete w deyò epi w ap peye 300 jiska mil dola. Si w retounen menm jan an ankò, y ap mete w deyò pou yon mwa epi fè w peye yon amand ki 3 mil dola.

James Hugues, prezidan misyon Old Brewery denonse koze sa epi kesyone pou l mande si moun ki pa gen kay yo, yo akeyi yo tou nan bibliyotèk.

Valérie Plante, majistra vil Monreyal la voye jete koze diskriminasyon y ap pale a pou l di: “Nou pral modifye mo nouvo dispozisyon ki nan règleman bibliyotèk la pou l reflete dezi nou genyen pou n enkli nan tout espas nan vil la. Nan okenn sikonstans diskriminasyon pa gen plas nan Monreyal.”

Kanada: vil Monreyal entèdi moun ki santi fò rantre nan bibliyotèk piblik yo

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 5 Décembre 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Canada

Le gouvernement canadien a suspendu son programme humanitaire. Dans un communiqué en date du 30 décembre 2023, l’immigration canadienne a annoncé la suspension du...

Actualités

Canada: le jeune Montissol Stevens représentera Haïti et la Caraïbe à la deuxième édition du Congrès de la Jeunesse Estudiantine Francophone. Le jeune compatriote...

Immigration

Le Canada s’apprête à accueillir jusqu’à 11.000 ressortissants étrangers dont des haïtiens au moyen d’une nouvelle voie humanitaire. Dans une note de déclaration du...

Diplomatie

Ariel Henry et le chancelier Jean Victor Généus se rendront au premier Sommet Canada-CARICOM qui se tiendra au Canada du 17 au 19 octobre...