Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Nan peyi Frans, yon moun ki refize bay kòd telefòn li ak otorite lajistis ap anba sanksyon

Nan peyi Frans, yon moun ki refize bay kòd telefòn li ak otorite lajistis ap anba sanksyon

Nan peyi Frans, yon sitwayen ki refize bay kòd telefòn li ak otorite jidisyè pou ankèt ap tonbe anba sanksyon lalwa.

Nan peyi Frans, lakou Kasasyon tranche yè lendi 7 okòb la sou koze sitwayen ki refize bay otorite jidisyè kòd telefòn yo nan kad ankèt. Daprè enstans fransèz la, konpòtman sa se yon deli, selon sa medya RFI rapòte anndan yon atik.

Desizyon kou Kasasyon an vini aprè yon endividi yo te kenbe avèk dwòg te derefize bay kòd 2 telefòn ki te nan men l pandan l te nan gadavi. Daprè enfòmasyon yo, telefòn sa yo ta sèvi pandan moman trafik dwòg la.

Endividi sa non l pa site te akize pou 2 bagay: trafik dwòg ak refize devewouye telefòn li. Sou koze kòd telefòn lan, Kou Kasasyon nan peyi Frans fè konnen n ap site “aktive yon kòd telefòn gen pou objektif mete limyè sou done kripte aparèy la genyen epi li bay aksè”.

Endividi a aprè desizyon kou Kasasyon an ki tranche sou koze sa, ap gen pou l rejije sou kòd telefòn li pa t vle bay la. Li riske pran kòm pèn 3 lane prizon epi peye kòm amand 270 mil ewo.

Nan peyi Frans, yon moun ki refize bay kòd telefòn li ak otorite lajistis ap anba sanksyon

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 8 novembre 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu