Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Nesmy Manigat aplodi jefò PAM fè pou kore pwodiksyon nasyonal nan kad Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè

Nesmy Manigat aplodi jefò PAM fè pou kore pwodiksyon nasyonal nan kad Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè

Minis Nesmy Manigat aplodi jefò PAM fè pou kore pwodiksyon nasyonal nan kad Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè.

Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal Twitter jounen 16 janvye 2023, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, salye jefò òganizasyon Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) fè pou li soutni pwodiksyon nasyonal nan kad pwogram kantin eskolè li mete sou pye anndan peyi a.

« 2022 #PAM @WFP_Haiti distribiye 100% manje lokal nan kantin eskolè depatman NIP ak SID, epi distribiye 40% manje lokal nan rès peyi a . @MENFP_Education salye gwo jefò Pwogram Alimantè Mondyal fè pou respekte nouvo pwogram nasyonal kantin eskolè a ki chita sou pwodiksyon nasyonal », pwofesè Manigat ekri sou kont Twitter li.

Pwofesè Manigat te toujou plede pou pwogram kantin eskolè ministè a chita sou pwodiksyon nasyonal. Nan lane 2020, li te fè elabore, siyen epi remèt otorite yon plan pou pwogram kantin eskolè bay 4 milyon elèv manje ak pwodui lakay, distans pou rive 2030.

Anplis, pwogram kantin eskolè ki chita sou pwodiksyon nasyonal se te youn nan 12 mezi minis Manigat te anonse lè li retounen nan tèt ministè a nan mwa novanm 2021. Yon mwa avan sa, responsab la te plenyen sou Twitter poutèt pwogram kantin eskolè peyi a te gen « plis manje enpòte Dominikani ke jèn ayisyen al pwodui nan agwoendistri kay vwazen, ke sa nou pwodui e achte lokal ».

Fòk nou siyale, Ministè Edikasyon Nasyonal gen yon patenarya ak Rasanbleman Madan Sara Ayisyen (RAMSA) pou founi manje lokal nan lekòl yo nan kad Pwogran Nasyonal Kantin Eskolè. Pwofesè Nesmy Manigat te anonse nouvèl sa nan mwa mas 2022.

Nesmy Manigat aplodi jefò PAM fè pou kore pwodiksyon nasyonal nan kad Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 17 janvier 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Nesmy Manigat nommé Directeur de Cabinet du PM Garry Conille et l’ancien ministre de la justice, Camille Junior ÉDOUARD nommé Secrétaire Général de la...

Actualités

Le professeur Antoine Augustin prend officiellement les rênes du ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP). Lors de la cérémonie d’installation...

Éducation

Journée nationale de l’enseignant en Haïti : un hommage aux enseignants et l’annonce de nouveaux outils pour renforcer le métier de l’enseignement. À l’occasion...

Actualités

Célébration du drapeau au Cap-Haïtien: le ministre Nesmy Manigat a visité l’atelier de confection à l’institution du Sacré-Cœur Une large mobilisation a déjà été...