Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Minis Nesmy Manigat distribye plizyè lo « Liv inik an kreyòl ayisyen » bay lekòl nan Dèlma ak Site Solèy

Minis Nesmy Manigat distribye plizyè lo "Liv inik an kreyòl ayisyen" bay lekòl nan Dèlma ak Site Solèy

Direktè lekòl Dèlma ak Site Solèy resevwa plizyè lo « Liv inik an kreyòl ayisyen » nan men minis Nesmy Manigat.

Plizyè dizèn direktè lekòl ki sòti nan distri eskolè Dèlma ak Site-Solèy resevwa jodi lendi 7 out nan men minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, plizyè lo « Liv inik an kreyòl ayisyen » pou elèv premye ak dezyèm ane fondamantal. Liv sa yo pral jwenn paran yo nan non elèv ki pral nan de klas sa yo.

Distribisyon sila ki te fèt nan Repiblik Kanada antre nan kad preparatif k ap fèt pou ane akademik 2023-2024 la, dapre yon kominike ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

Minis Nesmy Manigat distribye plizyè lo "Liv inik an kreyòl ayisyen" bay lekòl nan Dèlma ak Site Solèy

Globalman, ministè a ap genyen pou li distribiye, nan yon premye moman, 12,000 liv nan de distri eskolè sa yo. Nan depatman lwès la, operasyon distribisyon sila la ap rapousuiv nan 14 lòt distri eskolè yo tankou Taba, Kwadèboukè, Lagonav, Kafou ak Gantye. Menm operasyon ap gen pou li deplòtonnen nan 9 lòt direksyon depatmantal edikasyon yo, dapre MENFP.

Nan entèvansyon li fè nan okazyon an, minis Nesmy Manigat di li gen fèm konviksyon distribisyon gratis “Liv inik an kreyòl ayisyen” reprezante yon gwo soulajman pou paran yo kote majorite ladan yo ap fè fas ak gwo difikilte pou prepare timoun yo pou rantre lekòl la.

Anplis avantaj sosyal yo, minis Nesmy Manigat te mete aksan sou avantaj pedagojik yo, sitou lè li konsidere liv sa a ap fasilite tout elèv premye ak dezyèm ane fondamantal, nan kelkeswa lekòl yo ye, nenpòt kote anndan peyi a, suiv menm pwogram eskolè a.

Minis Nesmy Manigat distribye plizyè lo "Liv inik an kreyòl ayisyen" bay lekòl nan Dèlma ak Site Solèy

Dekouvri plis:

13 Haïtiens meurent dans un accident de la circulation en République dominicaine

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Le ministère de l’Éducation demande à toutes les écoles du pays d’organiser des activités éducatives et culturelles en vue de commémorer la création du...

Éducation

Une visite émouvante au Lycée des Jeunes Filles, suivie d’un constat alarmant dans d’autres établissements scolaires de la région. En mission d’évaluation dans le...

Éducation

Le pays rejoint la Coalition mondiale pour l’alimentation scolaire, soutenant l’éducation et l’agriculture locale. Haïti a officiellement rejoint le mercredi 12 février 2025 la...

Aktyalite AN KREYÒL

Ministè Edikasyon an kolaborasyon ak UNESCO ak PROGETTOMONDO pou ranfòse ansèyman matyè ki prepare jèn pou lavni. Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP)...