Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat rankontre ak reprezantan 2 sendika anseyan

Minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat rankontre ak reprezantan 2 sendika anseyan

Minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat te rankontre avèk responsab sendika CNEH/PSEH yo.

Nan yon nòt li mete deyò, biwo kominikasyon Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl fè konnen minis Nesmy Manigat te rankontre jounen 22 me a ak dirijan Konfederasyon nasyonal edikatè ak edikatris yo (CNEH an franse) ak dirijan Platfòm sendika anseyan ayisyen yo (PSEH, an franse). Objektif la se te pou gade ansanm kòman kontinye vanse ak diskisyon yo sou kaye inik revandikasyon anseyan yo.

Aprè plizyè èd tan dyalòg, 2 pati yo te mete dakò sou nesesite pou gen yon pase men ki fèt nan sikilè sou transfè pèsonèl pedagogik yo ak sikilè ki trete konfli entère ki konsènen yon kategori ajan edikatif. Yo dakò tou pou gade posibilite pou gen yon odit ki fèt sou livrezon chèk yo nan Direksyon depatmantal edikasyon yo, òganize yon rankont sou bidjè ministè a, òganize yon lòt rankont sou trètmant salaryal, modalite pou bay prim pèfòmans yo.

Anplis, 2 pati yo dakò pou gen yon pase men ki fèt nan griy salaryal 2014 la ; pou gade ansanm posibilite ajisteman salaryal pou anseyan yo epi evalye kouvèti asisrans pou fonksyonè nan sektè piblik edikasyon an ak posibilite pou fasilite tout anseyan yo gen aksè ak yon Kat avantaj.

Dapre biwo kominikasyon MENFP, rankont sa te dewoule, avèk anpil koutwazi ak sans responsabilite, anba je reprezantan UNESCO, UPEHP (Union des parents d’élèves progressistes haïtiens) ak reprezantan REPT (Regroupement Education pour toutes et tous) k ap jwe wòl obsèvate pandan seri rankont sa yo.

Pandan semèn sa, minis Nesmy Manigat ap kontinye echanj yo ak lòt enstans sendikal anvan negosyasyon yo ta kapab kòmanse sou kaye inik revandikasyon yo, toujou daprè selil kominikasyon ministè a.

Minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat rankontre ak reprezantan 2 sendika anseyan

Dekouvri plis:

WhatsApp va permettre à ses utilisateurs de modifier un message déjà envoyé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

La résidence de la mère du ministre Nesmy Manigat incendiée par des individus armés à Bellevue. Contrairement aux informations qui circulent sur les réseaux...

Éducation

Le ministre de l’éducation nationale d’Haïti, Nesmy Manigat, a été reconduit à la tête du Comité des Finances du Partenariat Mondial pour l’Éducation(GPE). “Nous...

Éducation

Après avoir participé à la montée du drapeau, le ministre Nesmy Manigat a distribué des livres aux élèves du lycée de Pétion-ville dans le...

Éducation

“Kopivit L’Action Sociale” salue le travail du ministre Nesmy Manigat et lui a remis 2 plaques « d’honneur et de mérite ». Dans le...