Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Non-assistance à poésie en Danger”, yon mouvman powetik Ricardo Boucher lanse

"Non-assistance à poésie en Danger", yon mouvman powetik Ricardo Boucher lanse

Ricardo Boucher se yon powèt, pèfòmè pwezi, edikatè popilè, anpil moun ki renmen pwezi anndan peyi a, sitou nan kapital la konnen. Li se inisiyatè mouvman powetik “Non-assistance à poésie en Danger”.

Nan ti pale nou ak jèn powèt sa, li te fè nou konnen lide mete sou pye yon mouvman powetik konsa vini nan lane 2019, men se an jen 2020 li vrèman lanse , ki se yon lide kote l chache ekstrè tèks ekriven oubyen powèt li fin li epi ekri yo sou mi

“Nan mwa jen 2020, nan prèske tout katye popilè, nan Pòtoprens, mwen lanse yon mouvman ekri pwezi sou mi. Yon lide m konstui, apre m te fin patisipe an 2019, nan yon kanpay sansibilizasyon kont tout fòm vyolans k ap fèt nan peyi a, men sitou nan kapital la… Depi lè sa m te koumanse di tèt mwen, batay sa se yon bèl batay, m pa gen dwa kite l mouri…. M te lage m nan reli Georges Castera, René Philoctète, Evelyne Trouillot, Jacques Roumain elatriye. Chache ekstrè tèks ekriven, powèt sa yo pou m ekri sou mi”, eksplike Ricardo Boucher.

Jèn powèt sa fè konnen li jwenn èd Michèle Lemoine ki ba l anpil bèl ide epi prete liv nan bibliyotèk pou li pou l ka fè travay sa yo sou mi. Pandan l te tou pwofite deklare kote mwayen yo soti
“Se kanmarad militan, zanmi ki renmen literati, ki renmen pwezi, ki ban m bourad solidarite pou m achte spray. Dayè, se pi gwo soulajman m tou, paske m te toujou swete mouvman an rete ak tout libète l ak tout angajman politik li”.

Ricardo Boucher te kontinye pou l eksplike se li ki chwazi ki vè oubyen ekstrè l ap ekri sou mi yo ak sa li p ap ekri. Batayè òganizasyon pwogresis, revolisyoné MOLEGHAF la pa kache nou ke l konn resevwa kritik epi pare pou l korije sa k dwe korije

“Pi gwo kritik mouvman an jiskraprezan, yo di, se yon bagay vandalis, ilegal, lè m chwazi ekri sou mi kay moun yo, anpil fwa ki fèk fin pentire. Epi gen moun ki di m tou, mwen ekri twòp pwezi an fransè sou mi yo, sitou m di se edikasyon konsyantizant m ap fè. Kidonk, mwen dwe ekri pwezi tout moun ka konprann. Ekri pwezi ki ekri nan lang pèp la, ekri pwezi ki ekri an kreyòl an gran majorite. C’est une belle critique, je vais rectifier le tire”.

Ricardo Boucher fè konnen mouvman an p ap kanpe, pandan l anonse objektif mouvman an genyen pou mwa k ap vini yo

“Mouvman an p ap kanpe. Pi gwo objektif mouvman an, pou mwa k ap vini yo, se fè yon gwo atelye pwezi sou Channmas la, plas Desalin, epi k ap fini sou fòm yon gwo mach pwezi”.

Pou konkli ti pale sa, jèn powèt angaje a fè konnen yon powèt pral powèt se lè l pozisyone l, pandan l te tou pwofite klase tèt li nan liy powèt k ap batay pou lavi a sispann mal pataje.

*Ricardo Boucher, yon powèt k ap batay pou lavi a sispann mal pataje*

Jan nou konnen l deja, Ricardo Boucher se yon powèt, pèfòmè pwezi, edikatè popilè jan nou te mansyone sa pi wo a.

Mesye sa ta pral fè konesans ak pwezi an 2015 gras ak Jean Cajou ki te mete bagat sa sou chimen l. Èd yo ta pral kontinye ak Bibliyotèk ARAKA ki toujou mete liv pwezi, roman, nouvèl, disponib pou li.

Jèn powèt sa toujou ale rankontre nan klèb lekti Bibliyotèk Monique Calixte, jèn parèy li k ap pale literati, kilti, peyi, lavi. Rankont sa yo ak jèn sa yo nan espas bibliyotèk la patisipe dirèkteman nan konstui Ricardo Boucher entèlektyèlman ak sosyalman.

Ricardo Boucherse batayè anndan ògznizasyon MOLEGHAF, yon estrikti politik ak konsyans ideyolojik entènasyonalis, ki enskri tèt li nan batay pou byennèt tout moun, nan batay kont sistèm enperyalis, kapitalis lan.

Dekouvri plis:

Le taux de référence de la BRH pour ce Vendredi 19 Février 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Le jeune poète haïtien Michelot Le Cupidon annonce déjà la couleur avec la voix de la jolie Tessa dans un slam intitulé Bèl Mè Ka Manman...