Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Òganizasyon femininis Nègès Mawon ak Marijàn mande MJSP ak MSPP pou pwoteje moun ki deplase yo

Òganizasyon femininis Nègès Mawon ak Marijàn mande MJSP ak MSPP pou pwoteje moun ki deplase yo

Òganizasyon femininis Nègès Mawon ak Marijàn mande MJSP ak MSPP pou pwoteje moun ki deplase akoz gang k ap simen latwoublay.

Nan yon nòt yo ekri ansanm nan dat 7 dawout la, òganizasyon femininis Nègès Mawon ak Marijàn di yo endiye akoz fanmi k ap kouri kite kay yo poutèt gang k ap simen latwoublay nan mitan popilasyon an. Yo mande ak Ministè jistis ansanm ak ministè sante piblik pou pwoteje deplase yo kote selon sa yo di genyen ki kapab sibi tout kalte vyolans. Yo egzije sanksyon kont polisye yo estime ki t ap fè vyolans kont moun ki te devan Anbasad ameriken an.

“Nou mande Ministè jistis ak sante piblik pou pwoteje moun ki deplase yo, pou yo pran responsabilite yo pou mete lapè nan katye yo, epi bay bandi yo sa yo merite daprè sa
lalwa di. Nou mande tou, pou Lapolis pran tout dispozisyon pou idantifye ajan polisye ki t ap fè vyolans sou sitwayen ki deplase yo epi pran sanksyon kont yo. Nou ofri tout solidarite bay fanm ak tifi ki ap sibi anba men moun k ap ase diyite yo anba pye epi ki ap vyole dwa yo nan moman difisil sa a”, mesaj Nègès Mawon ak Marijàn.

Òganizasyon femininis yo fè konnen gang k ap bay pwoblèm nan katye yo mete fanm ak tifi nan gwo tèt kase kote yo kapab sibi tout kalite vyolans, abi, asèlman nan kominote ki resevwa yo a. “Nou menm, Òganizasyon ki ap siyen nòt sa a, nou wè epi nou kontinye ap resevwa plis fanm ki deplase ki ap sibi zak vyolans ki vini nan biwo nou pou mande sèvis nou ofri”, se sa ke yo di.

Sa ki te rive dènyeman devan Anbasad ameriken an nan Taba kote polisye te bay deplase yo gaz pou kite espas lèse Nègès Mawon ak Marijàn kwè mete popilasyon an nan plis laperèz epi fè yo pèdi ti kal konfyans yo te genyen nan otorite yo. Sa ki lage moun yo de bra balanse, san rekou, sa ki kapab lakoz moun sa yo plis twomatize, sa ki kapab ogmante tansyon / presyon nan kominote yo epi kontinye ak menm chenn vyolans lan.

Òganizasyon femininis Nègès Mawon ak Marijàn mande MJSP ak MSPP pou pwoteje moun ki deplase yo

Dekouvri plis:

Rencontre entre le SYNAPOHA et des responsables de l’ONA autour du programme ONA-POLIS

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Le MSPP a alerté la population sur des cas de maladie présentant des signes et symptômes pouvant indiquer la présence de la maladie du...

Actualités

Dix véhicules sont remis aux directeurs sanitaires départementaux par le ministre de la Santé publique et de la Population, le docteur Georges Fils Brignol....

Actualités

L’ancien sénateur Nenel Cassy demande au gouvernement de prendre des mesures draconiennes pour rétablir rapidement la sécurité sur l’ensemble du territoire national. À travers...

Actualités

Alerte de l’épidémie de fièvre à Kenscoff : une fausse alerte selon le Ministère de la Santé. Une récente investigation menée par la Direction...