Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Opozisyon an bay popilasyon an randevou demen devan anbasad amerikèn

Opozisyon an bay popilasyon an randevou demen devan anbasad amerikèn

Opozisyon an bay popilasyon an randevou demen devan anbasad amerikèn pou mèkredi 20 janvye a

Komite Mobilizasyon Sitwayèn pou Respè Konstitisyon an, bay yon konferans pou laprès jodi madi 19 janvye a, nan lokal pati politik Altènativ Sosyalis (ASO), pou envite popilasyon an yon lòt fwa ankò nan yon jounen mobilizasyon k’ap gen pou abouti devan anbasad amerikèn, mèkredi 20 janvye a ki tou koyenside ak envestiti Joe Biden nan tèt peyi Etazini.

Ansyen senatè Youri Latortue nan ti moso lapawòl li te pran pale sou sitiyasyon politik peyi a epi fason gouvènman ameriken an ap sipòte Jovenel Moïse pou sou pouvwa a .

“Jounen mobilizasyon sa se yon sèl mesaj nou dwe lanse devan anbasad la, se mande nouvel administrasyon Joe Biden / Kamala Harris la pou’l pa kontinye sipòte pouvwa sa epi koupe ti relasyon Donald Trump t’ap jere ak Jovenel Moïse la “, deklare lidè AAA .

Mèt André Michel ki se pòt pawòl Sektè Demokratik la kontinye denonse gouvènman sa l di ki se premye otè zak kidnapin ak ensekirite anndan peyi a, pandan l te tou pwofite mande popilasyon an foule beton an pou kapab derasinen Jovenel Moïse sou pouvwa a.

Mèt André Michel fè konnen pap sèlman gen mobilizasyon nan kapital la, opozan fawouch ak pouvwa a deklare ap gen manifestasyon nan Plato Santral, Nò, Gresye, Latibonit, Leyogàn ak Sid elatrye .

Channmas, Kafou Ayewopò, Lali, Petyonvil, Kafou rita, Solino, se plizyè kote ap gen rasanbleman pou mobilizasyon demen maten pou ale devan anbasad ameriken .

Konferans sa te dewoule an prezans Youri Latortue, André Michel, Nenel Cassy, Guy Numa, Dominique St Eloi ak anpil militan ki te fè deplasman.

Dekouvri plis:

Nouveau changement à la tête de la direction départementale de la PNH du Sud-Est

Plus de contenu

Actualités

L’ambassade des États-Unis n’est pas fermée mais son personnel est confiné dans ses locaux. L’ambassade des États-Unis à Port-au-Prince, dans une alerte d’information mise...

Actualités

Tabarre: face à la terreur des gangs, des habitants fuient leurs maisons et s’installent devant le bâtiment de l’ambassade des Etats-Unis en Haïti. Depuis...

Actualités

Journée mondiale de la liberté de la presse: l’ambassade des États-Unis mise sur la formation de 24 journalistes haïtiens à la Voix de l’Amérique...

Actualités

L’ambassade des États-Unis en Haïti ferme ses portes à l’occasion du 18 novembre Haïti.- L’ambassade des États-Unis à Port-au-Prince annonce qu’elle ferme ses portes...