Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Opozisyon an lanse yon semèn mobilizasyon pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Opozisyon an lanse yon semèn mobilizasyon pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Komite Mobilizasyon Sitwayèn pou Respè Konstitisyon an, nan yon konferans li bay laprès jodi samdi 20 fevriye 2021 an, nan Dèlma 60, prezante yon kalandriye mobilizasyon k ap gen pou fèt nan tout peyi a semèn k ap vini la. Toujou nan lide pou fòse prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a.

Konferans sa te dewoule devan anpil gwo kad politik ki nan sektè opozisyon an tankou Rony Timothée, Magalie Lacroix, André Michel, Sorel Jacinthe ak anpil militan politik ki te fè deplasman.

Magalie Lacroix ki se te sèl fanm ki te bay mo l nan konferans sa te pran pawòl pou l mande popilasyon an pou yo pran lari a epi toujou rete mobilize pou rale zòrèy Jovenel Moïse pou fè l kite chèz palè nasyonal la.

“Nou menm nan òganizasyon baz yo, nou di motè mobilizasyon an relanse pou pi rèd. N ap mande tout òganizasyon yo pou yo mete bòt yo nan pye yo pou yo pran lari pou mobilize kont prezidan pèpè sa. Nou menm fanm, nou sibi twòp mari nou mouri, pitit nou mouri. Prezidan mete gang pou kidnape nou. Pa rete lakay nou pran lari, tan pou yo al kidnape nou lakay nou. Nou rive nan lè pou Jovenel Moïse ale. Non, non, non, nou pa kapab ankò.”, deklare Magalie Lacroix.

Pòt pawòl sektè Demokratik la, mèt André Michel bò kote pa l te pale tou epi pote solidarite l bay prizonye politik yo, sektè Jidisyè a, epi Youri Chevry ki pou kounya nan men leta dominiken. Li te kontinye pou l eksplike jan tranzisyon an pral estriktire aprè Jovenel Moïse kite pouvwa

“Jodi a nou fyè de sosyete sivil la ki angaje l nan batay pou respè konstitisyon an. Jodi a gen anpil moun k ap poze tèt yo kesyon sou kòman tranzisyon an pral fèt. Se yon tranzisyon k ap ekilibre, k ap gen dyaspora, politisyen, sosyete sivil la. Moun ki pral nan tranzisyon an ap chwazi sou baz konpetans yo. E avan tout moun sa yo antre an fonksyon fòk yo fè deklarasyon patrimwàn yo pou yo konn konbyen kòb yo genyen avan. Demen maten pou m pa tande w achte yon kay nan peyi Kanada pou 15 milyon.

Brèf se ap dènye tranzisyon, yon tranzisyon koupe fache. Pou sa n ap mande tout moun pou yo angaje yo nan batay pou respè konstitisyon an.”

Semèn mobilizasyon sa daprè manb komite mobilizasyon an ap kòmanse dimanch 21 fevriye k ap vini la, nan lari pòtoprens ak mobilizasyon anpil sitwayen ak etidyan, pou pouswiv ak mobilizasyon sendika chofè moto yo nan lendi 22, madi 23(Mobilizasyon nasyonal), Mèkredi 24 (jounen sansibilizasyon, konferans pou laprès, seyans foto, mouvman twouble somèy), pou rive dimanch k ap 28 fevriye a, k ap gen patisipasyon tout sektè nan peyi a nan yon jounen manifestasyon.

Manb Komite yo mande pou lapolis pran responsabilite l pou asire sekirite tout sitwayen k ap gen pou patisipe nan aktivite sa yo nan tout peyi a.

Ddekouvri plis:

Naomi Osaka décroche un quatrième titre du Grand Chelem

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu