Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Ou ka pran kowonaviris lè yon moun « pete », daprè yon atik jounal britanik The Telegraph

Ou ka pran kowonaviris lè yon moun "pete", daprè yon atik jounal britanik The Telegraph

Nan yon atik jounal « The Telegraph » soti, fè konnen ou ka pran kowonaviris lè yon moun pete.

Jounal britanik lan « The Telegraph » nan yon atik li soti yè samdi an fè konnen maladi kowonaviris la kapab pwopaje pa « flatulence ». Tèm sa vle di se lè yon moun akimile yon kantite gaz nan entesten l ak lestomak li epi l mete yo deyò swa nan bouch li lè l degobye oubyen pa nan dèyè l lè li fè yon van.

Jounal sa ki trè koni nan peyi Angletè fè konnen se minis yo menm ki deklare an prive ke pandemi an ka pataje lè moun pete.

Yon pòt pawòl Boris Johnson ki se premye minis anglè a deklare li pa okouran si pete yon moun ka fè yon lòt moun pran maladi a, pandan l ajoute y ap etidye dènye tès yo, daprè sa The Telegraph rapòte.

Atik la kontinye pou l di ris pou maladi a pwopaje nan pete piti anpil paske souvètman ak rad ki sou moun yo ta gen efè filtre patikil nosiv yo menm jan yon mask fasyal fè l.

Ide moun ka pran kowonaviris nan pete moun lan parèt pou premye fwa ane pase nan peyi Ostrali. Se doktè Norman Swan ki te konseye sou yon podcast pou moun pa pete.

Si bagay sa ta rive konfime tout bon pa syantifik yo ke moun ka pran kowonaviris nan pete. Nou t ap mele ak petadò. Obligasyon t ap oblije fèt pou gen kachnen pou dèyè moun!

Ou ka pran kowonaviris lè yon moun "pete", daprè yon atik jounal britanik The Telegraph

Dekouvri plis:

Herman Nau, l’un des fondateurs du groupe Tabou Combo est mort

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra. Mónica Almeida se non yon pòtigèz 37 lane ki...

Santé

Kowonaviris la kontinye ap taye banda pa bò isit. Chif MSPP yo kontinye ap ogmante nan chak bilan otorite sanitè yo mete deyò. Nan...

Santé

Laprezidans nan peyi vwazen anonse yè dimanch lan yon dam 121 lane ki fèt 13 mas 1900 pran vaksen kont kowonaviris nan pwovens Puerto...

Santé

Prezidan kou kasasyon an, jij René Sylvestre teste pozitif nan kowonaviris, daprè sa redaksyon Juno7 la aprann. Jij René Sylvestre twouve l aktyèlman nan...