Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Kowonaviris: Depi lè pandemi an Ayiti, 425 moun mouri, 12 842 moun trete, selon MSPP

Kowonaviris: Depi lè pandemi an Ayiti, 425 moun mouri, 12 842 moun trete, selon MSPP

Kowonaviris la kontinye ap taye banda pa bò isit. Chif MSPP yo kontinye ap ogmante nan chak bilan otorite sanitè yo mete deyò.

Nan avi nimewo 417 Ministè Sante Piblik mete deyò anonse ke gen 102 nouvo ka kontaminasyon ak 5 moun ki mouri an plis nan dat 25 jen an. Chif sa yo vin ajoute sou sa k te la deja yo.

Pou kounya total la se 18 562 ka konfime, 3 088 moun pase sou kabann lopital, 425 moun mouri epi 12 842 moun trete, daprè MSPP.

Nan 102 nouvo ka kontaminasyon kowonaviris yo, depatman Lwès la devan ak 69, Latibonit vin dèyè l ak 18, Sid gen 7 nouvo ka an twazyèm pozisyon. Nò, Nòdès ak Nòdwès se twa depatman ki pa anrejistre nouvo ka kowonaviris.

Nan sa ki gen pou wè ak total moun ki mouri depi lè viris la pa bò isit, Lwès la an tèt avèk 227 moun mouri, dèyè l se Nò ki vini avèk 55, Nip se depatman ki anrejistre pi piti ka lanmò kote se 8 moun sèlman.

Jan nou mansyone l pi wo a, gen 5 nouvo ka lanmò, tout ka sa yo MSPP resanse yo nan depatman Lwès la.

Fas ak ogmantasyon ka yo, MSPP kontinye mande ak popilasyon an mete kachnen, lave men, evite bay lamen, bo ak akolad epi raple yo pou pran 3 pa distans yo ak moun.

Kowonaviris: Depi lè pandemi an Ayiti, 425 moun mouri, 12 842 moun trete, selon MSPP

Dekouvri plis:

Zanbi: Yon jounalis mande direksyon tele a peye l pandan l ap prezante yon jounal an dirèk

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Visite des anciens locaux du Centre MSF CRUO pour évaluer leur réhabilitation et améliorer les services obstétricaux en Haïti. Le mercredi 27 novembre 2024,...

Santé

Une circulaire du MSPP annule les frais imposés aux professionnels de santé pour l’obtention de leur permis d’exercice. Dans une circulaire en date du...

Actualités

Le ministre des Affaires sociales, Georges Wilbert Franck, a procédé à l’installation du Dr Bléma Lorthé en tant que nouveau ministre de la Santé...

Santé

Le MSPP renforce les exigences pour les Facultés de Médecine: une nouvelle étape vers la régionalisation. Dans une annonce publiée ce mardi 6 août...