Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Repiblik Dominikèn: Yon dam 121 lane pran vaksen kont kowonaviris

Repiblik Dominikèn: Yon dam 121 lane pran vaksen kont kowonaviris

Laprezidans nan peyi vwazen anonse yè dimanch lan yon dam 121 lane ki fèt 13 mas 1900 pran vaksen kont kowonaviris nan pwovens Puerto Plata.

Enfòmasyon sa yo releye pa Diaro Libre ki se yon jounal dominiken ki fè konnen dam 121 lane sa pran dòz vaksen li an nan konplèks espòtif Gregorio Luperón nan pwovens Puerto Plata.

Dam sa rele Ecolastica Gómez, se premye dòz vaksen ke li. Pwovens kote li ye sou twazyèm jounen vaksinasyon kont maladi kowonaviris.

Jounal dominiken an fè konnen kominike pou laprès laprezidans lan ki te enfòme nouvèl la pa presize non vaksen granmoun sa pran an.

Jounen vaksinasyon sa demare depi vandredi nan pwovens Puerto Plata. Plizyè jèn melanje ak fanm ansent te defile ale pran vaksen sa, selon konklizyon jounal la.

Nan estatik ki egziste sou kesyon vaksinasyon kont kowonaviris, peyi Repiblik Dominikèn gen 2,72 milyon moun ki vaksinen, sa ki bay yon total 25,3% popilasyon an ki konplètman vaksinen.

Repiblik Dominikèn: Yon dam 121 lane pran vaksen kont kowonaviris

Dekouvri plis:

28 Juin 1811: rébellion des troupes du général Wagnac contre André Rigaud

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra. Mónica Almeida se non yon pòtigèz 37 lane ki...

Santé

Nan yon atik jounal “The Telegraph” soti, fè konnen ou ka pran kowonaviris lè yon moun pete. Jounal britanik lan “The Telegraph” nan yon...

Santé

Kowonaviris la kontinye ap taye banda pa bò isit. Chif MSPP yo kontinye ap ogmante nan chak bilan otorite sanitè yo mete deyò. Nan...

Santé

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon sou paj Facebook li anndan yon videyo ki dire yon minit, envite popilasyon an kòmanse prepare l pou pran...