Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Ouragan Elsa retwograde, li tounen yon tanpèt twopikal

Ouragan Elsa retwograde, li tounen yon tanpèt twopikal

Setyèm bilten espesyal ki vin jwenn redaksyon Juno7 la enfòme popilasyon an sou pasaj siklòn Elsa, fè konnen vijilans wouj la toujou kenbe nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas.

Bò 11 è maten an, ouragan Elsa te lokalize l a 17.0 degre altitid nò epi 71.6 degre lonjitid lwès. Anviwon 70 km Ès/Sidès zile Beyata, an RepiblikDominikèn a 192 km de Pòtoprens, a 264 km Ès/Sidès Okay.

Van ki akonpaye siklòn sa se 110 kilomèt lè. Deplasman li rapid. Presyon minimal li se 999 ekto Paskal,  selon tout dènye detay yo nan bilan meteyowolojik peyi a.

Ouragan Elsa pa nan kategori 1 ankò, nan moman atik sa t ap ekri a li retwograde li tounen yon tanpèt twopikal, li kontinye deplase pou rapwoche l de Ayiti sitou sou kot Sid peyi a ak gwo kout van.

Pasaj Elsa sou peyi a ka pote 100 a 15o milimèt kantite lapli nan plèn yo, men pou mòn yo anviwon 200 milimèt lapli. lanmè a kapab kite kote l konn ye a pou rive atè akoz van yo. Kapab gen gwo inondasyon tou ak glisman teren.

Vòl  ak anbakasyon  ki konn fèt sou rejyon Sid peyi  an entèdi jiska nouvèl lòd.

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande ak popilasyon an rete vijilan, tande tout bilten yo, aplike konsiy otorite yo, mete tout sa k enpòtan yon kote ki sekirize, mete manje lakay nou, pa kanpe anba pye bwa, ni bò fenèt.

Ouragan Elsa retwograde, li tounen yon tanpèt twopikal

Dekouvri plis:

Elsa, ouragan de catégorie 1: le gouvernement place le pays en alerte rouge

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

La météo prévoit des averses de pluies sur Haïti dont le département de l’Ouest en raison d’un front froid traversant le centre de la...

Météo

Le passage d’un fond froid dans les grandes Antilles est la cause de l’humidité qui s’abat sur Haïti depuis ce week-end. L’Unité Hydrométéorologique dans...

Météo

Les Antilles menacées par un système tropical, la Direction de la Protection Civile appelle à la prudence. La Direction générale de la Protection Civile...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce Vendredi 23 septembre 2022. Voici les...