Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pasyan ki te kite lopital Sanatoryòm pou vyolans gang nan Kafoufèy ka ale chache medikaman nan 4 lòt lopital ki disponib pou sa

Pasyan ki te kite lopital Sanatoryòm pou vyolans gang nan Kafoufèy ka ale chache medikaman nan 4 lòt lopital ki disponib pou sa

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon fè konnen gen 4 lòt kote pasyan ki t ap swiv tretman nan lopital Sanatoryòm yo ka ale chache medikaman.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan yon nòt li mete deyò jodi madi 26 septanm lan fè konnen gen 4 kote ki disponib pou malad ki t ap swiv tretman nan lopital Sanatoryòm nan Pòtoprens ale chache medikaman pou kontinye ap tretman yo. Nan fen out la, malad, doktè ak pèsonèl nan lopital sa te kouri kite l akoz bandi Gran Ravin ki te atake Kafoufèy epi kreye panik nan mitan popilasyon an.

4 kote sa yo se lopital Sen Franswad Sal ki nan ri Chareron nan Pòtoprens, lopital Raoul Pierre Louis ki nan Akachon 32 nan komin Kafou, lopital Grace Children ki nan Dèlma 31 epi Sant Sante Notre-Dame du Cap ki chita kò l nan Ri Ogé nan Petyonvil.

Depi lè atak la, sant ospitalye sa ap mal fonksyone akoz anpil moun ki dezète l met sou sa malad yo gen difikilte pou swiv tretman yo jan sa ta dwe ye, sa ki vin mete sante yo nan yon eta kritik akoz medikaman yo pa ka jwenn.

Lopital Sanatoryòm resevwa chak jou malad k ap soufri ak maladi nan poumon sitou moun ki fè tibèkiloz. Espas la gen 100 kabann epi anviwon yon santèn anplwaye.

Pasyan ki te kite lopital Sanatoryòm pou vyolans gang nan Kafoufèy ka ale chache medikaman nan 4 lòt lopital ki disponib pou sa

Dekouvri plis:

Rivière Massacre: l’artiste Jason Derulo pense que l’eau est nécessaire pour fournir les moyens de subsistance à Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu