Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Delege depatmantal Lwès la, Pierre Garry Bernadotte gen manda darè dèyè l pou trafik zam

Delege depatmantal Lwès la, Pierre Garry Bernadotte gen manda darè dèyè l pou trafik zam
Getting your Trinity Audio player ready...

Jij Al Duniel DIMANCHE lage manda darè dèyè delege depatmantal Lwès la, Pierre Garry Bernadotte pou trafik zam.

Depi kèk tan, plizyè dosye fè wout yo nan lajistis kote gen plizyè fonksyonè ak ansyen fonksyonè nan leta ki enplike nan dosye kòripsyon e jij enstriktè yo deklare gen ase matyè pou yo kapab jije, swa nan tribinal kriminèl oubyen koreksyonèl.

Nan yon òdonans jij enstriksyon an, Al Duniel DIMANCHE rann nan kad dosye trafik zam ki enplike delege depatmantal Lwès la, Pierre Garry Bernadotte, li ekri, gen manda darè ki lage kont li e li gen poul jije devan Tribinal kriminèl san asistans jiri. Nan òdonans sila a gen Jimmy Fevil alyas Jimmy Tech, Kanpès Sanon alyas Granmoun ak Roberto Pierre alyas Legoute ki gen menm santans lan nan kad menm dosye a.

Yaël Johana Clerié Zreik pral jije devan Tribinal koreksyonèl

Nan dat 4 me 2023, kabinè Me Caleb Jean-Baptiste ak asosye te depoze yon plent nan pakè kont Yaël Johana Clerié Zreik. Apre pakè te fin sezi dosye a, Madan Zreik te rive ekilpe kòmkwa li enplike nan zak abize konfyans moun, fè fo ak itilize fo nan koze ekriti komès ak bank, eskokri ak asosyasyon malfektè.

Jij enstriksyon an, Al Duniel DIMANCHE ki tap enstwi dosye sa a tou rive rann òdonans li e voye Yaël Johana Zreik jije devan Tribinal koreksyonèl k ap gen pou aji konfòmeman ak sa ki di nan lespri atik 117 ki nan kòd enstriksyon kriminèl la mete sou atik 337, 338 ak 340 ki nan kòd penal ayisyen an.

Delege depatmantal Lwès la, Pierre Garry Bernadotte gen manda darè dèyè l pou trafik zam

À lire aussi :

Réouverture du Commissariat de Port-Margot 10 ans après avoir été vandalisé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu