Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Plizyè manb nan Sektè Demokratik la mande pou pèp la pran lari pou kapote Jovenel Moïse

Plizyè manb nan Sektè Demokratik la mande pou pèp la pran lari pou kapote Jovenel Moïse

Sektè Demokratik ak Popilè atravè plizyè militan bay yon konferans pou laprès jodi lendi 7 desanm 2020 an, nan Dèlma 60, pou fikse pozisyon yo sou konjonkti peyi a epi tou pwofite mande ak popilasyon an pou pran lari pou voye Jovenel Moïse ale.

Plizyè manb nan Sektè Demokratik la mande pou pèp la pran lari pou kapote Jovenel MoïseNan okazyon konferans pou laprès sa, Fernando Duclaire fè konnen ke Jovenel Moïse soufri demans, li g on foli diktatè ak koze dekrè l ap pran yo. Nan sans sa, militan politik la envite popilasyon revòlte.

“Nou envite popilasyon revòlte, nou envite popilasyon an pou l soulve kont Jovenel Moïse paske se inakseptab. Nou pa ka aksepte sa anndan peyi a. Fòk Jovenel Moïse konnen tan sa li evolye”.

Ebens Cadet ki se dirijan pati Nou Konsyan ak manm Sektè Demokratik la, ki te pran lapawòl tou ale nan menm sans ak Fernando Duclaire pou mande popilasyon an soulve kont Jovenel Moïse pou sa k ap pase yo.

“Nou tenu a di popilasyon an pou kòmanse leve kanpe paske se sèl posibilite pou chanje kondisyon de vi y ap viv ladan l lan se kontinye leve kanpe di se twòp atò paske jodia peyi a disfonksyonèl, li p ap dirije paske gen pwoblèm gouvènans, koripsyon”.

N ap raple w ke manb sektè demokratik la anonse y ap enstale yon gouvènman tranzisyon 7 fevriye k ap vini la kote manda gouvènman sa dwe bout an 2023.

Dekouvri plis :

Kidnapè yo menase tiye Magdala Louis si fanmi l pa ka peye, daprè sa yon pwòch li fè konnen

Plus de contenu