Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pòtoprens, kapital bal san pa gen mizik

Pòtoprens, kapital bal san pa gen mizik

Pòtoprens, yon kapital ki toujou anba kout bal k ap chante san rete.

Dènye tan sa yo, lè yon moun nan Pòtoprens ap pale de “bal”, sa pa gen anyen pou wè ak yon gwoup mizikal oubyen yon atis ki pral ofri yon pèfòmans pou kapab bay fanatik plezi. Men pito moun sa ap fè referans ak katouch ki pa sispann chante nan anpil katye anndan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Sitiyasyon sa kreye anpil panik lakay sitwayen yo epi menm etenn souf plizyè nan yo ak koze bal mawon an ki se yon veritab pwoblèm.

Anndan Pòtoprens, li prèske enposib pou yon moun ap fè dekantasyon bon zòn ak move zòn. Dayè, nou ka konstate anpil kote nou te konn ap rele zòn rezidansyèl oubyen “huppé” nan lang fransè a nou wè sa y ap viv oubyen sa yo vin tounen (yo prèske menm jan ak zòn kèk moun te konn rele zòn non dwa oubyen teritwa pèdi). Dènye tan sa yo, pa gen yon kote ou ye anndan kapital sa ki epanye w pou w pa viktim anba gang k ap bay pwoblèm oubyen sa ka rive se yon vye grenn bal mawon ki vin pran w. Chak jou ki jou se katouch k ap chante avèk èd gang yo ki konvèti tèt yo an teworis nan fè gwo zam fann fwa chante pou kapab simen latwoublay.

Moun Taba, Pènye, Solino, Bèlè, Laplèn, Kwadèboukè, Kafou, Kafoufèy, Site Solèy elatriye pa ka konte konbyen viktim bal k ap chante fè nan mitan yo. Anpil moun nan zòn sa yo oblije mawon katye yo sou menas gang yo ki kontwole 80% teritwa nan Pòtoprens.

Menm kan zòn w ap viv la pa gen yon baz gang k ap dirije men ou pa anpè paske tou prè w la gen yon zòn ki pa anpè epi ou vin panse nenpòt lè bagay yo ka gate ou ka nan kouri. Egzanp: kijan w pral mande pou yon moun Pòs Machan anpè lè l konnen li gen Bèlè tou prè l? Kijan yon moun k ap viv bò Plas Sentàn (Blòk Lise Tousen) ka anpè lè l gen Vilaj de Dye nan do l? Kijan moun nan Nazon, Kriswa ap fè anpè lè l tande gang Bèlè vle pran Solino ki tou prè blòk sa yo?

Sitiyasyon k ap pase nan kapital la montre aklè tout moun dwe konsène. Pa gen kesyon zafè kabrit pa zafè mouton, moun anwo p ap okipe moun anba a. Nou tout sou menm bato lanmò a nou tout riske neye. Chak jou ki jou tout moun nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ap fè fas ak menm bagay yo: kadav boule nan Petyonvil menm jan ak Kanapevè oubyen Lali, bal mawon pran moun Taba menm jan ak moun Pòs Machan, gang anvayi yon pati nan komin Kafou menm jan gang anvayi plizyè blòk nan Petyonvil. Sa montre pa gen VIP nan Pòtoprens se sèl bal k ap chante ki atis.

Si lontan bal se chante li te konn fè moun chante nan club Pòtoprens kounya se bal ki chante san mizik epi li ap fè moun kouri, fè moun kriye, li andikape moun, li rete kè moun, li simen dèy tribòbabò.

Pou soti vandredi 22 mas la pou louvri samdi maten 23 mas la, li t ap enposib pou yon moun pa di w ou pa t tande tire pitit? Oubyen li di w ou pa tande pil kout bal? Dayè si w pa gen pwoblèm tande depi se nan kè kapital la ou ye maten sa ou pa ka pa tande kèk kout bal.

Kilè konsè katouch sa ap fini? Kilè bal ap sispann chante? Kilè lavi ap reprann tout bon nan Pòtoprens? Kilè n ap sispann konte kadav? Kèk kesyon k ap poze lontan men ki pa janm ko gen repons.

Pòtoprens, kapital bal san pa gen mizik

Dekouvri plis:

La Caricom pousse pour le choix d’un Président du CP et d’un Premier Ministre de consensus

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu