Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Pou Arios Jean-Charles, pòt pawòl pati “Bouclier”, se livre yo livre Jovenel Moïse

Pou Arios Jean-Charles, pòt pawòl pati "Bouclier", se livre yo livre Jovenel Moïse

Arios Jean-Charles ki se pòt pawòl Bouclier reyaji nan mikwo Juno7 sou asasina Jovenel Moïse.

Reyaksyon yo pa sispann vini bò kote lidè politik, enstitisyon, pèsonalite piblik, sou asasina Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè ki sot pase a.

Arios Jean-Charles ki se pòt pawòl pati politik Bouclier te reyaji sou dram sa pou di Jovenel Moïse livre pa gad li yo.

Pou Arios Jean-Charles, pòt pawòl pati "Bouclier", se livre yo livre Jovenel Moïse

Nan kòmansman pawòl li yo, reprezantan pati a te pwofite salye madam Martine Moïse ki blese pa bal pandan asasinay ki fèt sou mari l.

Arios Jean-Charles konsidere Jovenel tankou yon frè, yon zanmi, yon moun ki te gen anpil kouraj. Pou li menm, li kalifye Jovenel tankou yon ewo lè l konsidere Jovenel Moïse fè yon pakèt bagay moun pa t janm fè.

Arios Jean Charles kwè ke Jovenel Moïse mouri paske l t ap pran defans moun ki pi fèb yo nan pale, denonse, se rezon sa sa k pi fèb yo detui lavi l.

Arios Jean-Charles ki konn abitye ale kay Jovenel Moïse eksplike pou di dabitid pou yon moun rantre kay Jovenel, gad yo mande pou fè kontak, se ansyen prezidan an ki pou otorize baryè a louvri pou vizitè a rantre. Fas ak sa, Arios Jean Charles ap poze kesyon pou mande kouman fasilman, nan yon ti kras tan pou asasine prezidan an. Pou Arios Jean Charles se livre gad yo livre Jovenel Moïse.

Arios Jean-Charles nan diskou li yo mande jistis pou prezidan, pou fanmi li, pou madanm li epi kalifye zak sa de “orib”, “babar”.

Arios Jean-Charles mande ak Nasyon Zini pou monte yon komisyon espesyal pou mennen ankèt sou zak sa. Li fè apèl tou ak peyi Etazini pou monte komisyon ankèt pou kapab fè limyè sou ankèt sa.

Dekouvri plis:

Haiti – Assassinat de Jovenel Moïse: Découvrez les noms des mercenaires déjà appréhendés par la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’ex-sénateur John Joel Joseph condamné à la prison à vie pour l’assassinat du président Jovenel Moïse par un juge américain, Jose Martinez. John Joel...

Actualités

Joseph Felix Badio, accusé d’implication dans l’assassinat de Jovenel Moïse, arrêté par la police. Considéré comme l’un des suspects clés dans l’assassinat du président,...

Actualités

L’ancien président haïtien, Michel Joseph Martelly souhaite que la justice puisse retrouver et punir les coupables de l’assassinat de Jovenel Moïse. Après avoir répondu...

Justice

“Seule la création d’un tribunal spécial ou d’une chambre spéciale peut favoriser la réalisation d’un vrai procès autour du dossier de l’assassinat de Jovenel...