Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Pwodiktè dominiken bese pri ze a akòz yo pa jwenn twòp moun achte depi lè fwontyè a fèmen an

Pwodiktè dominiken bese pri ze a akòz yo pa jwenn twòp moun achte depi lè fwontyè a fèmen an

Pwodiktè dominiken yo anonse yo bese pri ze a nan rejyon Dajabón akoz yo pa jwenn twòp demann pou moun achte nan men yo.

Plizyè asosyasyon ki konsakre yo nan kesyon pwodiksyon ak konsomasyon ze anonse jodi mèkredi a yo bese pri pwodui sa akòz twòp moun pa mande yo sa yo pot pou vann depi lè gouvènman dominiken pran desizyon lendi ki sot pase a pou fèmen mache binasyonal la nan zòn Dajabón. Grenn ze ap vann kounya 5 peso, 1000 pou 300 epi yon kès ki gen 30 katon ladan l ap koute 150 peso pa katon .

Pwodiktè dominiken yo nan tèt kole yo redui pri ze a kote 1000 ze vin pase a 300 peso epi yon grenn koute 5 peso. “Nou ekri nan objektif pou enfòme akòz demann ki ba ak diminisyon nan lavant, li nesesè pou redui a 300 pesos pou chak mil ze, pou n vann pwodwi a”, se sa kominike pwodiktè dominiken yo fè konnen.

Pi lwen nan kominike sa, yo fè konnen ak pwodiktè epi distribitè yo apati jodi mèkredi a yon grenn ze pral pou 5 peso epi yon bwat katon ze ki gen 30 pral pou 150 peso pa katon.

Selon medya dominiken, anviwon 30 millyon ze soti lakay yo pou vann an Ayiti ki se yon gwo mache pou peyi vwazen.

N ap raple Prezidan dominiken an Luis Abinader k ap dirije Konsèy Nasyonal Sekirite deside lendi 11 septanm lan fèmen fwontyè yo ak Ayiti nan rejyon Dajabón epi anonse l ap kanpe sou kesyon viza ak ayisyen. Selon medya dominiken yo, desizyon sa pran aprè bouch louvri sou kesyon kanalizasyon rivyè masak la.

Pwodiktè dominiken bese pri ze a akòz yo pa jwenn twòp moun achte depi lè fwontyè a fèmen an

À lire aussi :

Avec l’OL, Corventina prête à aller chercher trois titres cette saison dont la Ligue des champions

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu