Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pwofesè Abdias Edumé libere a 1 è maten jedi a kont ranson

Pwofesè Abdias Edumé libere a 1 è maten jedi a kont ranson

Anviwon 8 jou depi endividi te arive kidnape l, pwofesè Abdias Edumé jwenn liberasyon l jodi jedi 25 fevriye 2021 an, bò 1 è nan maten, ravisè yo lage l bò simityè Pòtoprens apre fanmi an te fin pote lajan yo te mande a sou Channmas.

Nan yon ti pale redaksyon Juno7 la te fè ak yon manb pwòch pwofesè a, li konfime pou nou Abdias Edumé libere kont ranson a 1 è nan maten. Toujou selon pwòch la, kidnapè yo te vin lage l bò simityè Pòtoprens epi prete l yon telefòn pou l rele fanmi l vin chache l.

Fanmi pwofesè Abdias Edumé te pran 3 jou apre zak kidnapin sa pou te koumanse negosye ak ravisè yo. Rezon an, yo te panse se yon blag lè endividi yo te mande 200 milyon dola vèt paske yo pa t wè kijan ni kouman y ap ka rasanble yon lajan konsa. Paske daprè yo, menm kan tout fanmi an ta mete byen yo ansanm p ap ka bay sòm lajan sa. Yo te menm panse se ekspre ravisè yo fè mande lajan sa paske yo konnen fanmi an pa t ap ka jwenn li pou yo te ka tiye pwofesè a. Se rezon se apre 3 jou fanmi an ta pral pran yon moun ki gen ekspètiz nan negosiyasyon pou pale ak ravisè yo epi negosye jistan yo lage pwofesè a apre lajan fanmi an fin bay, toujou daprè eksplikasyon pwòch Abdias Edumé ak redaksyon an.

Malgre ensistans redaksyon an pou te arive konnen konbyen montan fanmi an te bay ak ravisè yo apre 200 milyon endividi yo te fin mande. Pwòch sa pa t vle revele ni bay twòp detay sou sa ak laprès paske pou yo se yon bagay “inimajinab”.

Pou sa ki gen pou wè ak eta Abdias Edumé, pwòch sa fè konnen pwofesè a twomatize, yo jwenn li an detrès lè yo vin chache l sou Channmas la, pwofesè a vin megri daprè pwòch la paske gen pafwa li pa manje.

Touswit apre liberasyon sa, fanmi an ap pare jodi a pou mennen pwofesè Abdias Edumé wè medsen ak sikològ yon fason pou pèmèt li reprann li paske li vrèman twomatize, selon eksplikasyon pwòch fanmi sa.

Pwòch sa fè konnen tou nan eksplikasyon yo se nan Vilaj De Dye ravisè yo te ale ak pwofesè Abdias Edumé. Kidnapin sa te pwovoke yon mouvman pwotestasyon depi fen semèn pase a bò kote etidyan Inivèsite Pòtoprens kote etidyan sa yo te toujou ap mobilize epi bloke Riyèl rivyè, Lali, Boudon pou mande libere pwofesè a. Se te menm bagay la tou bò kote etidyan Alliance yo. Vil Tigwav ki se kote pwofesè a fèt, avoka ak anpil sitwayen te konn fè mach, mouvman pwotestasyon pou fè solidarite epi mande libere Abdias Edumé.

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce Jeudi 25 Février 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Haïti : 83 cas de kidnapping recensés en juillet 2023 par le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH). Le Centre...

Insécurité

Kidnapping: l’état de santé de la journaliste Blondine Tanis se dégrade, Denel Sainton appelle à sa libération. Le journaliste de la RTVC, Denel Sainton,...

Actualités

La Solidarité des Femmes Haïtiennes Journalistes (SOFEHJ) demande la libération de la journaliste Blondine Tanis. À travers une note de presse en date du...

Sécurité

Haïti : le CARDH a recensé 150 cas d’enlèvements entre avril et juin 2023, soit une baisse de 61, 4% La République d’Haïti a...