Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon lane pou pwogram Biden, gen moun ki temwanye yo prèske pèdi mennaj yo akoz de li

Yon lane pou pwogram Biden, gen moun ki temwanye yo prèske pèdi mennaj yo akoz de li
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon lane pou Pwogram Imanitè Pawòl la, kèk moun temwanye bay Juno7 yo sanse pèdi mennaj yo akoz lanmou long distans lan.

5 janvye 2023, prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse Pwogram Imanitè Pawòl pou resòtisan Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen, pou kapab fasilite yo rantre sou teritwa ameriken an de fason legal. Nan dènye chif sit CBP te pibliye 22 desanm 2023 a, li fè konnen gen plis pase 112 mil Ayisyen ki rive Etazini sou 120 mil ki otorize pou vwayaje.

Si anpil konpatriyòt kontan y ap kite bout tè papa Desalin lan pou divès kalte rezon tankou ensekirite, chomaj ak lamizè, gen plizyè lòt menm ki pa kache jan pwogram sa deranje koze relasyon yo ak mennaj yo. Kèk nan yo te temwanye jan relasyon yo afekte ak koze sa ki ta pral pouse redaksyon Juno7 la pale ak jèn sosyològ Estiverne John West ki te eksplike kèk koze sou dosye sa.

Plizyè travay jounalistik fèt deja nan kèk medya pou montre jan pwogram Imanitè Pawòl la nou souvan rele Pwogram Biden ap bwote Ayisyen pa pil ak pa makòn nan tout nivo nan sosyete a. Edikasyon se pa pale kote pwofesè, ekolye ak etidyan ap lage pye yo san gade dèyè pou ale chache lavi miyò epi genyen ki isit toujou se Biden y ap tann fè yo pas.

Se menm bagay la nan kesyon sante ak lòt sektè anndan peyi a ki sanse ap mazora chak jou ki jou akoz pwogram sa ki ap pran yo chak tan imèl la tonbe. Pami tout pwoblèm sa yo ki mete moun ap reflechi sou peyi a yo estime ki ap fin vid akoz sitwayen ki ap lage pye yo, gen yon lòt pwoblèm k ap trakase bil moun ki nan relasyon fanm ak gason akoz pwogram Biden vini li separe yo epi lage yo nan lanmou long distans ki pa yon bagay fasil tout moun kapab jere pou kenbe relasyon an solid.

“M te gen yon mennaj li pati nan Biden mwa mas. Avan l pati, li ban m bag fiyansay, ban m tout bèl pawòl nan mond lan epi fè kè m kontan ak fè m santi relasyon nou ka toujou rete soude. Lè l fin vwayaje, rive Etazini, nou fè prèske yon mwa ap kenbe nan relasyon long distans sof lanmou nou pa t ka fè pou m montre w jan bagay yo te nòmal.

Li vin jwenn yon travay, li kòmanse ap konprann peyi moun yo epi adapte l, li vin pa twò ret sou mwen. Mwen santi enterè li te gen lè l te Ayiti a pa sa ankò. Konpòtman l ak atitid li montre m sa tou. Se tankou li vin yon moun ki di ki tan l ap pèdi ak mwen pandan l gen lòt opòtinite ki parèt devan l”, se temwanyaj yon jèn demwazèl 33 lane ki estime relasyon l ak mennaj li ap bwè lwil depi lè misye fin pati nan Biden.

Yon lòt bò, Johnny (non nou prete) ki ale Etazini an novanm lan fè konnen li vin gen yon mefyans de mennaj li ki Ayiti epi pa kache pou l di se tèt pa l dabò avan fi li renmen Ayiti a. “Imajine w jan Ayiti ye la, mennaj ou pa anba pye w, ou pa konn kilè w ap kontre l, ou pa ka ap fè pwojè avni sou mennaj sa pandan nou pa t gen pitit, pa t vrèman gen gran choz ki lye nou ke sèlman yon 2 lane renmen. Ou ka toujou renmen moun lan vrèman men ou ap veye lòt avantaj pou jete w paske ou gen tèt ou dabò pou w jere”,

Se sa l deklare pandan l kontinye pou l di: “M rive Etazini la, si m jwenn privilèj nan yon lòt fi ki ka ban m rezidans oubyen lòt opòtinite m ap di mennaj Ayiti a sorry epi m ap mete l alèz pou l pa nan chita ap tann mwen. Se p ap fòt mwen, men m dwe fè yon chwa kalkile k ap bon pou mwen.”

Juliette (non nou prete) nan temwanyaj pa l, li di li pa vrèman konnen ki desizyon pou l pran nan sitiyasyon li twouve l la ak mennaj li pandan l eseye konprann misye. “Mennaj mwen ale an jiyè, mwen menm mwen toujou ap tann kilè Biden mwen ap tonbe. Sa k pi di a, nèg sa toujou ap di m li okipe epi men pil estati l montre li ap byen pase. Dèfwa li pa kite m wè estati l se moun k ap montre m pòs li yo.

Se vre li pa di m nou pa ansanm men jan l konpòte l se tankou li jwenn yon fi pi pre l pou konble absans mwen epi l pa twò ret sou mwen. Menm kan sa di mwen eseye konprann li paske koze renmen kounya konplike. Malgre pwoblèm sa yo mwen pa konn ki desizyon pou m pran. Pi gwo solisyon se ta jwenn Biden lan epi ale eseye fè relasyon an tounen menm jan.”

 

Sisyològ Estiverne John West pote kèk detay sou koze sa

Nan eksplikasyon li, Estiverne John West ki se yon jèn sosyològ epi ki avoka tou te pote kèk detay sou koze distans ki vin egziste nan koze renmen lè moun nan pati nan Biden. “Fenomèn mennaj ki bay mennaj yo distans yo lè yo pati a ka tradui sou plizyè pwen”, daprè espesyalis la ki te ajoute pou l di: “Atitid sa ka pwodui parapò ak yon konplèks siperyorite mennaj ki vwayaje a vin genyen parapò ak mennaj li ki isit, sitou si mennaj ki isit la pa t gen lajan; epi si lanmou an pa t sensè epi byen soude.”

Sikològ Estiverne kontinye pou l di konpòtman mennaj sa yo tou konn lye parapò ak objektif vwayaj la ki konn fèt, nan sans pou twoke yon enterè kèlkonk ak moun ki patwone li a. Enterè sa yo konn maryaj, plasaj, rezidans elatriye.

Gen yon lòt aspè li manyen tou se kesyon fanmi ki konn gen men kache dèyè konpòtman sa. “Lòt rezon ki konn lakoz distans sila, se sitou lè paran pa t vle mennaj Ayiti a pou sa ki vwayaje a, epi yo jwenn van pou ale lagonav epi yo monte sèvèl sa ki pati a pou li chache yon moun ki Diy epi kadre ak pèsonaj li ye a oswa li vle ye a.”

Pi lwen nan eksplikasyon li yo, Estiverne montre tou gen yon kesyon enferyorite ki konn ap degaje bò kote moun ki an Ayiti a menm jan nan tèt moun ki pati a li konn santi li siperyè. Atitid sa konn otomatikman tou kreye pwoblèm. “Lage nan Biden nan se yon aspè ki vin makonnen ak sosyoloji imajinè ayisyen an, kote anpil ta kwè djaspora pa konpayèl moun Ayiti, kidonk yo (djaspora) tou pran distans yo ak sila yo ki te nan menm kategori sosyal ak yo a pou yo pa anpeche yo fè siksè (sitou sa ki nan mas la)”, se sa sosyològ la avanse nan kad dosye sa.

Pou pi klè, li te presize sa ki ka fè yon moun pran distans ak mennaj li depi l pati oubyen kòmanse frèt nan relasyon an. “Sa ki ka fè yon moun pran distans ak mennaj li depi l pati, se si lanmou an pa t reyèl epi solid, si moun ki antre lòt se te negosye epi konkli yon relasyon lè lòt la ta antre, si paran yo pat dakò epi si sa k Ayiti a pa t janm sou anyen.”

Pou konkli, Estiverne John West te pale sou koze mefyans ki egziste nan lanmou long distans ki konn pouse moun yo aji konsa. “Mefyans se yon gwo koze nan zafè long distans. Depi te konn gen enfidelite ak mank senserite, ap gen jalouzi epi dezespwa parapò ak deplasman an; mennaj ki dezespere a ap pase ak yon lòt moun pou reyalize rèv li.”

Yon lane pou pwogram Biden, gen moun ki temwanye yo prèske pèdi mennaj yo akoz de li

À lire aussi :

Melchie Dumornay présente dans le onze type des meilleures jeunes joueuses U20 de l’IFFHS 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu