Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon rankont sou byennèt eskolè fèt ant minis Nesmy Manigat ak komite santral plizyè lise nan depatman Lwès la

Yon rankont sou byennèt eskolè fèt ant minis Nesmy Manigat ak komite santral plizyè lise nan depatman Lwès la
Getting your Trinity Audio player ready...

Minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat rankontre ak komite santral yon ventèn lise ki chita kò yo nan depatman Lwès la.

Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, nan kad yon rankont sou byennèt eskolè te rankontre vandredi 17 mas la komite santral yon ventèn lise anndan depatman Lwès la. Yon senkantèn liseyen ki fè pati de komite santral te chita pale ak minis lan sou plizyè sijè, yo pale de pwoblem yo, di sa yo panse e kòman yo swete otorite yo entèveni pi vit e pi byen nan akonpayman y ap ba yo. Elèv sa yo te soti nan plizyè lekòl ki nan Pòtoprens, Petyonvil, Kenskòf, Dèlma, Site-Solèy, Taba, Kafou ak Tigwav.

Nan kad rankont sa, minis Nesmy Manigat konsyan yon moun pa ka aprann si konsyan ou pa anpè. Se nan sans sa, li te òganize rankont sa pou eseye tande timoun yo k ap eksplike kòman y ap viv sitiyasyon kote zak vyolans tout kalite gen gwo konsekans sou fonksyonman lekòl yo, sou fason ansèyman ak aprantisaj la ap fèt anndan lekòl yo, sou byennèt elèv ak anseyan yo, ak sou dewoulman lòt aktivite ki enpòtan nan devlopman emosyonèl ak kreyativite elèv yo.

Objektif minis lan se tande elèv sa yo epi chèche pi bon manyè pou rezoud pwoblèm sa yo, sitou sa yo ki parèt pi priyoritè nan kontèks sa a e ki afekte yo.

Nan kad rankont sa, minis Nesmy Manigat te pwofite akonpaye ak kèk teknisyen nan ministè a ak manm yon enstitisyon patnè ki se Asosyasyon ayiyen sikoloji. Li te gen ak li direktè ansèyman segondè, Miguel Fleurijean ; direktè depatmantal Edikasyon lwès la, Etienne Louisseul France ; direktris adjwen nan Direksyon sante eskolè a ki anchaje byennèt eskolè a, Marjorie Denis ; kòdonate zafè atistik, kiltirèl e espòtif nan Direksyon sante eskolè a, Jean Joseph ; komisè Morency Dorvil, nouvo responsab Edupol la ak Junior Bélizaire, manm Asosyasyon ayiyen sikoloji.

Sou bò pa l, Nesmy Manigat te ensiste anpil sou nesesite pou ministè a, atravè Direksyon depatmantal edikasyon, ranfòse relasyon l avèk komite santral lise yo, sitou nan sa ki gen pou wèak aktivite ki konsène lavi eskolè a pandan ane lekòl sa a ki bite sou anpil gwo difikilte.

Pandan rankont sa te gen komite ki soti nan lise Alexandre Pétion, lise Louis Joseph Janvier, lise nasyonal Petyonvil, lise Benoit Batraville, lise Sibè, lise Jacques Roumain, lise Guy Malary, lise Jèn Fi, lise Antoine ak Georges Izmery, lise Marie-Jeanne, lise Anténor Firmin, lise Jean-Marie Vincent, lise nasyonal Lasalin, lise Faustin Soulouque, lise Jean-Jacques Dessalines, lise Daniel Fignolé, lise Divivye, lise nasyonal Kenskòf, lise Fritz Pierre-Louis ak lise Henry Christophe.

Yon rankont sou byennèt eskolè fèt ant minis Nesmy Manigat ak komite santral plizyè lise nan depatman Lwès la

En savoir plus:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 18 Mars 2023

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... La résidence de la mère du ministre Nesmy Manigat incendiée par des individus armés à Bellevue. Contrairement aux...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le ministre de l’éducation nationale d’Haïti, Nesmy Manigat, a été reconduit à la tête du Comité des Finances...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Après avoir participé à la montée du drapeau, le ministre Nesmy Manigat a distribué des livres aux élèves...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... “Kopivit L’Action Sociale” salue le travail du ministre Nesmy Manigat et lui a remis 2 plaques « d’honneur...