Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Rektora ILA (UEH) lanse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon «Ak lendepandans peyi d Ayiti»

Rektora ILA (UEH) lanse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon «Ak lendepandans peyi d Ayiti»
Getting your Trinity Audio player ready...

Rektora ILA (UEH) lanse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon « Ak lendepandans peyi d Ayiti ansanm ak Diskou Dessalines nan »

Nan yon nòt li mete deyò, Rektora Inivèsite Leta d Ayiti anonse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon « Ak lendepandans peyi d Ayiti ansanm ak Diskou Dessalines nan ». Konkou sa se nan lide selebrasyon 220 lane lendepandans peyi Dayiti premye janvye k ap vini la epi pou make jounen entènasyonal lang matènèl ki se 21 fevriye, se menm jou sa gran final konkou an ap fèt. Patisipan yo ap gen pou yo fè tradiksyon yo an kreyòl epi 20 etidyan ki pi byen tradui tèks yo ap gen pou fè yon diskou devan yon jiri ki ap detèmine gayan yo k ap resevwa plizyè pri tankou laptop ak lo liv.

“Pou selebre desan ventyèm (220yèm) lane lendepandans peyi d Ayiti jou k ap 1ye janvye 2024 la ak Jounen Entènasyonal Lang Matènèl la 21 fevriye 2024 la, Rektora Inivèsite Leta a lanse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon « Ak lendepandans peyi a ansanm ak Diskou Dessalines nan ». Tradiksyon tèks yo ap fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi konkou sila a ap òganize sou lobedyans Direksyon Vi Etidyan (DVE) ak Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA)”, se sa nòt Rektora Inivèsite Leta d Ayiti a detaye.

Nenpòt etidyan ki fè pati ILA a ka enskri depi li swete. Dat limit pou l pase remèt tradiksyon tèks yo nan dekana fakilte yo se jou k ap vandredi 19 janvye 2024 la. Aprè sa, y ap kenbe 20 pi bon tradiksyon yo epi 20 etidyan sa yo ap gen pou pwononse diskou a epi li Ak lendepandans lan devan yon jiri ki ap konpoze ak manm Inivèsite Leta Ayiti ak manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Gran final konkou sa ap fèt jou k ap 21 fevriye ki se jounen entènasyonal lang matènèl.

Y ap remèt plizyè pri ak gayan yo:
– 1ye pri : laptòp + yon lo 20 liv + meday;
– 2yèm pri:laptòp + yon lo 15 liv+ meday;
– 3yèm pri: laptòp + yon lo 10 liv + meday;
– 4yèm pri : yon lo 10 liv + meday;
– 5yèm pri: yon lo 10 liv + meday.

Rektora ILA (UEH) lanse yon konkou tradiksyon ak deklamasyon «Ak lendepandans peyi d Ayiti»

À lire  aussi :

Haïti: les 7 Personnalités qui ont marqué l’année 2023 selon Juno7

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu