Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

RENAMA mande Premye minis Ariel Henry rezoud koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo

RENAMAH mande Premye minis Ariel Henry rezoud koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo

RENAMA ekri Premye minis Ariel Henry pou mande l rezoud koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo.

Nan yon lèt ki pote siyati Loubens Elysée nan dat 16 janvye 2024, Rezo Nasyonal Majistra mande pou Premye minis Ariel Henry rezoud koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo apre l a jere lòt yo. Nan lèt sila a RENAMA raple doktè Ariel Henry, leta a gen 3 pouvwa ki se: fè lwa pou dirije nasyon an, egzekite zak nan administrasyon piblik la epi aplike lwa yo.

Pi lwen, RENAMA souliye sa fè yon bon tan pi fò tribinal ak lakou dapèl nan peyi a pa fonksyone paske manda jij yo fini epi plen tribinal ki pa gen lokal e malgre plenyen ki fèt sou sa, anyen pa janm rive fèt. “Nan kapital la pa gen yon lokal definitif pou Palè jistis la, sa k te genyen an kraze depi 2010. Sa yo te prete leta a bandi pran l depi plizyè lane” se sa nou ka li nan lèt la kote RENAMA kontinye pou fè konnen se menm bagay la pou Palè Kwadèboukè a pandan l souliye pou Tribinal depè yo menm se pa pale.

Fas ak disfonksyonman sistèm jistis la, Rezo Nasyonal Majistra Ayisyen yo fè apèl ak sans responsablite gouvènman ki gen Ariel Henry nan tèt li a pou rive pran yon desizyon rapid vit pou tounen nan sekretarya teknik pouvwa jidisyè a tout komisyon jij ki gen avi favorab konsèy pouvwa jidisyè a swa pou pwomosyon, swa pou renouvèlman.

RENAMA kontinye nan lèt li a pou di Premye minis Ariel Henry, peyi a paka sipòte vid ankò e se pa nòmal pou jij yo disponib men yo paka travay akoz komisyon yo pa genyen, pwomosyon gouvènman an pa enterese bay poutan yo pa repwoche yo anyen ki mal nan egzèsis fonksyon yo.

RENAMAH mande Premye minis Ariel Henry rezoud koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo

Dekouvri plis:

“Kopivit L’Action Sociale” a remis deux plaques d’honneur à Nesmy Manigat pour son travail à la tête du MENFP

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Les noms des conseillers Présidentiels ont été envoyés par la Caricom au Premier ministre Ariel Henry. Depuis plusieurs mois, la Caricom s’engage ouvertement en...

Politique

Le Premier ministre haïtien a remis sa démission lors de la réunion du conseil de sécurité sur demande de la Caricom et des Usa....

Actualités

Le Premier Ministre d’Antigua et Barbuda, Gaston Brown, suggère la démission du chef de l’état lors de 46ème réunion de la Caricom. La pression...

Politique

Fabrice Mauriès, ambassadeur de France en Haïti se prononce pour la première fois sur la situation sécuritaire en Haïti. La situation liée aux attaques...