Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon responsab nan Vatikan mande legliz katolik repanse règ ki egzije pè yo dwe rete selibatè a

Yon responsab nan Vatikan mande legliz katolik repanse règ ki egzije pè yo dwe rete selibatè a
Getting your Trinity Audio player ready...

Achevèk Charles Scicluna panse legliz katolik dwe anvizaje revize règ ki egzije pè yo rete selibatè a.

Achevèk Charles Scicluna k ap travay nan biwo doktrinal Vatikan epi ki se konseye Pap François fè konnen nan yon interview li bay Times of Malta ki rapòte pa jounal The Guardian, legliz katolik womèn dwe anvizaje pou l regade lwa ki egzije pè yo rete selibatè a. Responsab la fè konnen legliz la pèdi anpil gwo pè paske yo chwazi maryaj, li di si se te li menm li t ap revize règ yo ki dwe aksepte yon pè ka tonbe amoure.

“Si se te pou mwen, mwen t ap revize egzijans yo ki enpoze pou pè yo rete selibatè. Eksperyans montre m se yon bagay nou dwe reflechi serye sou li. Legliz pèdi anpil gwo prèt paske yo chwazi maryaj”,se sa Achevèk Charles Scicluna deklare.

Responsab la te kontinye pou l di gen yon plas pou selibatè men legliz dwe pran tou an konsiderasyon pè ki tonbe amoure epi ki gen obligasyon pou chwazi vokasyon yo oubyen nouvèl vi a. “Sèten nan yo fè fas ak sa epi angaje an kachèt nan yon relasyon santimantal”, se sa l di.

Achevèk la di se premye fwa li di yon bagay konsa an piblik, gen moun ki pral di l ap soutni opinyon ki kontrè a sa legliz katolik womèn defini.

N ap raple w nan mitan desanm ane pase, yon pè nan peyi Lafrans ki rele Laurent Jullien de Pommerol te anonse demisyon l nan tèt pawas Croix-Rousse nan vil Lyon, paske l gen fanm li ki ansent li pral papa.

Yon responsab nan Vatikan mande legliz katolik repanse règ ki egzije pè yo dwe rete selibatè a

À lire aussi :

Fidèles à Wendyyy, les “Chinwa” permettent à CEO de récolter un million de vues sur YouTube en l’espace de 10 heures

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu