Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Foutbòl: Rezon ki fè te gen 15 mil nounous nan stad Heerenveen lan

Foutbòl: Rezon ki fè te gen 15 mil nounous nan stad Heerenveen lan

Yè samdi 24 oktòb 2020 an, klèb foutbòl Heerenveen nan peyi Lawoland, te mete 15000 nounous chita nan tribin stad yo a kote nou konnen sa fè kèk tan moun pa ale nan match pou kesyon Kowonaviris.

Moun ki te ap gade match sa ki te opoze Heerenveen fas ak ekip Emmen lan pa t vrèman konnen poukisa jès sa.

Inisyativ sa se pou sansibilize moun kont kansè kay timoun ke yo rele “Cancer pédiatrique”. Chif 15 000 lan reprezante kantite timoun nan peyi Lawoland ki te gen kansè epi ki vin geri k ap viv san pwoblèm.

Nan mwens pase yon jou apre match la, tout nounous te getan vann. Kòb sa yo se pou ede fè rechèch kont kansè kay timoun. Match sa, ekip Heerenveen lan te bat li 4-0 epi pran 4è plas nan chanpyona a apre 6 jounen.

N ap fè w konnen kansè kay timoun pa sanble ak sa kay granmoun yo epi yo trè ra. Lesemi, timè nan sistèm nève santral la ak lenfom se prensipal kansè yo rankontre kay timoun mwens ke 15 lane. Kansè kay granmoun yo plis touche poumon, tete, pwostat ak kolon.

Avèk gwo pwogrè ki reyalize pandan 4 dènye deseni yo, 8 timoun sou 10 toujou geri de kansè.

Dimitry Charles

Dekouvri plis :

Baselòn vs Reyal: Jean Pierre Étienne ak Kimberly Pierre pwonostike sou klasiko sa

Plus de contenu