Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kanalizasyon rivyè masak: ansyen senatè Kelly Bastien kalifye de “awogans” atitid dominiken yo

Kanalizasyon rivyè masak: ansyen senatè Kelly Bastien kalifye de "awogans" atitid dominiken yo

Kanalizasyon rivyè masak: ansyen senatè Kelly Bastien bay pozisyon l sou dosye a epi kalifye de awogans atitid dominiken yo.

Nan yon nòt li mete deyò, ansyen senatè Kelly Bastien bay pozisyon l sou dosye kanal k ap fèt sou rivyè Masak ki estomake gouvènman dominiken an ki pran yon pakèt mezi. Ansyen prezidan chanm Sena a kalifye de “awogans atitid dominiken yo ki pa sispann tire pye pou konstriksyon kanal la.

“Yo konnen byen gen chimen ki deja trase si ta gen pwoblèm nan fason chak peyi ap sèvi ak dlo a. Atitid sa a rele awogans”, se sa ansyen palmantè a ekri pandan l poze plizyè kesyon ki te ka pote solisyon tankou: poukisa lè sa t ap pase gouvènman dominiken an pat konvoke anbasadè Ayiti a ki lakay yo pou di fòk nou chita? Poukisa minis afè etranjè Sendomeng lan pa rele tokay li paske yo se vwazen ?

Nan nòt sila, Kelly Bastien raple depi lane 1929, chak peyi sa yo te vin tonbe dakò sou kouman ya p òganize yo, pou sèvi ak rivyè sila a nan enterè zile a. San pati pri, san koken,san kout ba. Li souliye tou peyi vwazen an fè 11 priz sou menm rivyè sa epi estomake pou yon priz pèp ayisyen an. Sa ki te pouse l mande de ki prevyen de ki mannigans yo deside proteste pou kanal k ap konstri a? Èske se pou n kontinye lage vant nou nan men yo?

Ansyen palmantè pa met dlo nan bouch li pou l kase met nan men dominiken ki deside fèmen fwontyè yo. “Sonje lè fwontyè te fèmen lè KOVID/KORONA, Ayiti te degaje I bay tèt li manje. Epi fèmen fwontyè sa t ap yon lòt okazyon pou ayisyen reflechi sou sa l ap manje e jan l ap manje. Paske nou
kòmanse chanje bon abitid manje nou te genyen nou tonbe fè konesans ak yon seri maladi pi souvan tankou: sik, tansyon, kolestewol, kansè.”

Kelly Bastien raple ak peyi vwazen nou se 2 pèp granmoun epi fè konnen granmoun pa pile granmoun se pale yo pale antre yo. “Nou ankouraje tout demach chita pale paske pa gen lòt mwayen pou rezoud konfli ant 2 peyi ki granmoun epi sitou ki wwazen. Sa ta dwe yon okazyon pou poze lòt problèm tankou migrasyon, komès ak 2 peyi yo, sitou kontwòl kalite pwodui k ap rantre lakay nou, epi renouvle respè angajman, pou respekte akò fevriye 1929 la.”

Kanalizasyon rivyè masak: ansyen senatè Kelly Bastien kalifye de "awogans" atitid dominiken yo

Dekouvri plis:

Le parti “Inisyativ pou devlope Ayiti” prône un consensus politique pour établir un climat de sécurité et organiser des élections

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu