Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Rutshelle remèt Messi kou a

Rutshelle remèt Messi kou a

Rutshelle Guillaume remèt Lionel Messi kou a pou Brezil ak Pòtigal (Bretugal).

Atis Rutshelle Guillaume pa sispann fè pale de li depi yè samdi a sou rezo sosyal yo aprè li fin pran pri “Meyè atis karayibeyen” nan seremoni Trace Awards 2023 ki t ap òganize nan peyi Rwanda nan vil Kigali. Jodi dimanch 22 oktòb la, diva a ki se gwo fanatik Cristiano Ronaldo pibliye yon foto kote li kouche ak twofe li epi l ap dòmi. Menm pòz jan Lionel Messi te fè aprè l te fin chanpyon mondyal avèk Ajantin nan peyi Kata. Yon foto ki vrèsanblableman enspire atis la ki fè anpil entènot ap kòmante, like ak pataje. Pandan li fè konnen se yon revanj pou Brezil ak Pòtigal (Bretugal).

Foto Rutshelle la pibliye bò 10 è nan maten. Kèk tan aprè li vin soti nan seremoni Trace Awards la. Gen moun ki fè blag ak foto a pou di atis la ap kopye Messi, gen lòt ki panse se kou a li remèt Messi paske li se gwo fanatik Cristiano Ronaldo. Men sa ki enpòtan chantèz la gen twofe l tou nan men l pou l admire epi deklare nan yon lòt pòs li fè se revanj li fè pou Bretugal, yon tèm ayisyen itilize pou pale de Brezil ak Pòtigal.

N ap raple Rutshelle Guillaume pran twofe sa pandan l te nan konkirans ak Kalash, Bamby, Princess Lover, Admiral T, Shenshea, Popcaan ak Maureen.

Fò n raple tou pwodiktè ayisyen an Michaël Brun pran pri Meyè DJ. Yon twofe Uncle Waffles, DJ Spinall, Danni Gato, DJ Bdk ak DJ illans t ap goumen pou li tou.

Pri sa yo montre nan ki nivo Rutshelle Guillaume ak Michaël Brun ap mete mizik ak kilti ayisyen anvalè epi montre yo nan yon lòt dimansyon nan sektè a.

Rutshelle remèt Messi kou a

Dekouvri plis:

Trace Awards 2023: Michaël Brun «Best DJ», Rutshelle Guillaume «Best Caribbean Artist»

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le week-end dernier, Rutshelle Guillaume, Melchie Dumornay, Ava Soon Lee, Aliyah Shipman et Michael Brun, ont fait flotter le bicolore haïtien. Malgré la situation...

Actualités

Lauréate du prix “Best Caribbean Artist”, Rutshelle Guillaume a été reçue par Paul Kagame, président du Rwanda. L’artiste Rutshelle Guillaume a été reçue ce...

Culture

Rutshelle Guillaume et Michaël Brun ont brillé lors de la cérémonie de remise des prix au Trace Awards & Festival 2023. L’artiste féminin Rutshelle...

Culture

La star haïtienne Rutshelle Guillaume nominée aux TRACE Awards & Festival 2023 dans la catégorie « BEST CARIBBEAN ARTIST » qui se tiendra au...