Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sa gen 4 jou Éric Jean Baptiste te di sou Twitter esperans vi moun an Ayiti se 24 trèd tan

Sa gen 4 jou, Éric Jean Baptiste sou kont Twitter li te di esperans la vi moun anndan se 24 trèd tan.

Lidè RDNP a Éric Jean Baptiste mouri nan lannwit 28 pou louvri samdi 29 oktòb la aprè yon atak nèg ak zam fè sou li nan zòn Laboul 12, se Ricardo Nordain, sekretè jeneral adjwen Kominikasyon nan RDNP ki te konfime nouvèl lanmò a pou Juno7. Byen avan asasina pwopriyetè bòlèt “Père Éternel Loto” a, sa gen 4 jou li te deklare sou kont Twitter espere lavi moun pa bò isit se 24 trèd tan. Li te fè pòs sa swit ak tantativ asasina ki te fèt kont jounalis Roberson Alphonse nan Dèlma 40 B, pou montre lavi moun konte anndan peyi a.

“Esperans la vi moun Ayiti se 24 h tan. Mèsi Bon Dieu ak tout sa nou pa wè yo pou pwoteksyon Roberson Alphonse jwi anba kriblay ansasen. Pita se pral tou pa kilès ? Eske lap gen menm chans la ? Dirijan ki pa sekirize vi, ki pa pèmèt menm ti moun al lekòl, sa yo itil”, se deklarasyon sa ansyen kandida pou pòs prezidan an te fè pou montre moun pa epanye fas ak sitiyasyon sa.

Nan moman atak la viktim lan te akonpaye ak ajan sekirite l ki rele Victor ki mouri nan espas la. Éric Jean Baptiste li menm te getan ale lopital kote li ta pral rann souf li.

Éric Jean Baptiste depi mwa out 2017 te vini Sekretè jeneral pati RDNP, li te deside bay demisyon l ap pati Mouvman Aksyon Sosyalis (MAS) aprè l te vin konnen pati sa pran 1 199 856 goud nan men Ministè Finans pou koze finansman pati politik.

15 mas 1990, li fonde bòlèt Père Éternel Loto ki chita kò l nan tout peyi a. Li se fondatè fondasyon Éric Jean Baptiste ki ap ede timoun ale lekòl, ede fanmi ak reyalize lòt pwojè sosyal.

Li te fini an senkyèm pozisyon pami 54 kandida nan eleksyon prezidansyèl 2015 lan. Li te fè 56 671 vwa.

Premye oktòb 2018, li te sibi atak ame nan zòn Kafoufèy pandan l t ap mennen timoun lekòl.

Sa gen 4 jou Éric Jean Baptiste te di sou Twitter esperans vi moun an Ayiti se 24 trèd tan

En savoir plus:

Le premier ministre Ariel Henry condamne l’assassinat de Éric Jean-Baptiste

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu