Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Sekreteri Deta Alfabetizasyon nan tèt kole ak lameri Petyonvil lanse yon kanpay alfabetizasyon

Sekreteri Deta Alfabetizasyon nan tèt kole ak lameri Petyonvil lanse aktivite sansibilizasyon pou bay jarèt ak koze alfabetizasyon anndan peyi a.

Nan okazyon 56 zyèm jounen entènasyonal alfabetizasyon, Sekreteri Deta Alfabetizasyon ansanm ak responsab lameri Petyonvil, lanse yè mèkredi 17 out la nan lokal meri a, yon kanpay sansibilizasyon pou fè pwomosyon pou kesyon sa anndan peyi a.

Nan sans sa, sekretè Deta Alfabetizasyon an, Sandra Jacques S. Michel Saint Georges nan entèvansyon l te eksplike nan ki sikonstans ki fè aktivite sa reyalize. “Aktivite sa fèt nan kad sansibilizasyon otou de politik nasyonal edikasyon non fòmel la ak estrateji FE FE a, se pou prepare tou selebrasyon jounen 8 septanm nan ki se jounen yo dedye a alfabetizasyon ; Nap selebwe jou sa sou tèm ; ALFABETIZASYON AK EDIKASYON NON FOMEL : ANGAJMAN LETA AK TOUT SEKTE ANDANN PEYI A “.

Pi lwen nan diskou l la, li estime batay sosyopolitik k ap mennen yo makonnen tou ak koze pa konn li “Batay kont chomaj, kont grangou, kont seksis, kont vyolans, kont ensekirite, kont lavichè, kont fatra, batay pou gen bon jan sistèm sante, pou jenès lan epanouyi l, pou respè anviwònman…, tout batay sa yo makònen ak batay pou kwape zafè pa konn li pa konn ekri, nan peyi a.”

Li te pwofite moman an pou salye sipò UNESCO ak UNICEF ki kanpe bò kote Sekreteri Deta Alfabetizasyon epi louvri pòt la pou lòt enstans ki ta entèrese rejwenn yo. “Nou pa ka pa pwofite nan okazyon sa a pou n pa ta salye travay 2 patnè teknik ak finansye ap fè avèk nou nan sans sa a. Se moman pou n remèsye ouvètman UNESCO ak UNICEF pou angajman yo bò kote nou. Se moman tou pou n lanse yon apèl ala solidarite bò kote lòt patnè yo ki poko anbrase mouvman sa a.”

Yon lòt bò, direktè patenarya sa, Frantz Louissaint eksplike enpòtans pwojè sa li di k ap pèmèt Sekreteri Deta Alfabetizasyon atenn objektif li fikse yo nan kolaborasyon ak patenè li yo.

Dekouvri plis:

Haïti: 2 individus arrêtés pour vente illicite de carburant, un camion-citerne saisi par la PNH dans le Nord

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu