Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Sektè Demokratik la drese yon bilan negatif kont PHTK epi anonse yon kalandriye aktivite kont referandòm lan

Haiti Secteur Démocratique et Populaire - Sektè Demokratik (SDP) la drese yon bilan negatif kont PHTK epi anonse yon kalandriye aktivite kont referandòm lan

Sektè Demokratik ak Popilè nan yon konferans pou laprès jodi jedi 20 me 2021 an, anndan lokal otèl Le Plaza retrase kote yo soti, prezante kalandriye aktivite yo, drese yon bilan katastrofik depi   PHTK sou pouvwa a  epi voye salitasyon bay djaspora a ki kanpe kont referandòm nan ki depaman ak manman lwa peyi a.

Ansyènn minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm nan , ing.Marjory  Michel te pwofite moman an pou pale diferan etap Sektè Demokratik la pran yon fason pou rafrechi memwa popilasyon an kote Sektè a soti. Yon sektè ki kreye mwa dawout 2017 aprè kongrè ki te fin fèt nan vil Akayè. Se la tou sektè a te pran nesans li pou pou goumen pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Met  André Michel ki se pòt pawòl sektè a kontinye raple pou di sektè Demokratk la se pyone batay la. Li te pwofite remèsye alye ak asosye politik sektè a ki daprè li pèmèt SDP mennen batay la.

 

Sektè Demokratik la drese yon bilan negatif kont PHTK epi anonse yon kalandriye aktivite kont referandòm lan

Pi lwen nan deklarasyon li yo, avoka militan an anonse soti 23 me pou rive 26 me, sektè a pral fè yon tounen nan anpil zòn nan depatman Lwès la pou mobilize popilasyon an kont referandòm lan.

“M ap tou anonse nou soti dimanch 23 me pou rive mèkredi 26 me Sektè demokratik la gen yon gwo toune l ap kòmanse nan tout zòn depatman Lwès la, nan tout rejyon palm lan pou mobilize popilasyon an kont referandòm malatchong Jovenel Moïse la”.

Aprè tounen nan depatman Lwès la, Met André Michel fè konnen l ap rapousib nan plizyè lòt zòn anndan peyi a kote opozan politik la mande pou kraze pak an pak tout sa k gen rapò ak koze referandòm.

Mèt André Michel aprè 10 lane PHTK a deklare pouvwa sa kraze peyi a pandan deseni sa. Mèt la fè konnen kòm bilan PHTK kraze tout enstitisyon peyi a tankou pouvwa jidisyè a , palman, kolektivite teritoryal elatrye . Li kritike pouvwa an plas la li di ki kale gang anndan peyi a pou kidnape moun, touye ak vyole moun. Mèt la pa t met dlo nan bouch li pou di PHTK ogmante mizè pèp la kote moun yo pa ka manje.

Toujou nan bilan sektè a pou PHTK, mèt Michel fè konnen rejim lan pa konstwi yon lekòl ni lopital, se koripsyon sèlman. Li ale pi lwen pou l di menm yon latrin pouvwa PHTK a pa konstwi yon fason pou l montre nilite pouvwa sa.

Ansyen senatè depatman  Nip la, ekonomis  Nenel Cassy te pwofite moman pa l la pou voye salitasyon pou yon pakèt jounalis tankou Lilianne, Marie Raphaëlle, Lunie Joseph, Jean Monard, Marvel Dandin , Roody Sanon, li estime y ap fè yon travay enteresan nan lit pèp la.

Ansyen senatè Nenel Cassy kwè ke popilasyon an gen responsabilite pou batay kont referandòm sa li fè konnen djaspora a pa vle,  okenn moun pa konn ni pye ak tèt li.

Nenel Cassy raple ak kominote entènasyonal la pou di l sa k ap pase la yo pa ka mennen nan eleksyon anndan peyi a. Nan sans sa, ansyen senatè Nip lan fè apèl ak tout kouch anndan peyi a  pou fè yon sèl pou batay kont referandòm nan  epi chavire Jovenel Moïse sou pouvwa a avan 27 jen.

Nenel Cassy fè yon apèl konsyans bò kote nèg ame yo pou di yo advèsè yo pa dwe popilasyon an kote y ap viv la. Li mande yo depoze zam, kite popilasyon an soti pou mobilize pou goumen pou viv tankou moun.

Anndan konferans sa Daril Balthazar te salye kouraj ayisyen nan peyi Etazini ak lòt kote yo twouve yo k ap goumen nan batay pou byennèt peyi Dayiti.

Dekouvri plis:

Rektora Inivèsite Kiskeya enfòme li obsève plizyè ka kowona sou “Campus” li an

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu