Connect with us

Hi, what are you looking for?

Fashion

Selon yon etid, gen eleman toksik ki rele PFAS nan makiyaj “long dire” yo

Selon yon etid, gen eleman toksik ki rele PFAS nan makiyaj "long dire" yo

Anpil chèchè nan inivèsite Towonnto anndan yon etid afime gen  engredyen sekrè ki konpoze sèten makiyaj long dire kapab gen eleman chimik ki prezante risk sou sante moun ak anviwònman an.

Eleman kosmetik sa yo genyen ladan yo pwodui chimik ki rele PFAS ki vle di an fransè “substances perfluoroalkylées.

Revelasyon sa sòti nan yon jounal ki rele Environmental Science and Technology. Yon nan otè atik sa, Miriam Diamond deklare: “Nou pa ka pèmèt nou ap kontamine dlo potab ak kò nou”, pandan l te kontinye pou l mande èske gen yon rezon pou bote nou ap pran risk ki pa bon pou sante nou.

PFAS la se yon gwoup pwodui chimik sentetik ki twouve yo nan pwodui endistriyèl ak konsomasyon. Pwodui sa ke etid la revele ki sanble prezan nan pwodui makiyaj yo kapab koze pwoblèm fètilite ak yon move fonksyonman iminitè.

Plizyè lòt etid revele gen PFAS nan pwodui komestik ki soti an Ewòp ak Azi, pwobableman pou rann pwodui sa yo dire plis epi fasil pou aplike.

82% maskara gen yon fòt konsantrasyon  fluor, 58% pwodui pou je genyen l tou, 55% pwodui pou lèv epi 2/3 fon de ten genyen l.

Kesyon makiyaj se yon bagay medam yo pa negosye. Men nan chak bagay atann li ka gen gwo konsekans pi devan. Nan ka sa pridan mesye dam.

Selon yon etid, gen eleman toksik ki rele PFAS nan makiyaj "long dire" yo

Dekouvri plis:

La PNH libère trois personnes kidnappées à Titanyen, arrête un des ravisseurs

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu