Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Shabba estime òganizatè Sumfest yo bay mizisyen ayisyen yo yon tretman “kokorat”

Shabba estime òganizatè Sumfest yo bay mizisyen ayisyen yo yon tretman "kokorat"

Shabba estime òganizatè Sumfest yo bay mizisyen ayisyen yo yon tretman “kokorat” pandan dewoulman festival la.

Nan yon odyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, atis gwoup mizikal Ekip la, Hervé Anténor tout moun konnen sou non Shabba oubyen Shabibi, kritike òganizatè Sumfest yo pou tretman yo bay atis ayisyen yo pandan 4èm edisyon festival la ki sot fèt 31 jiyè a, sou kot Akaden an, nan Wahoo Bay. Ansyen tanbourinè Djakout #1 lan estime atis afriken an Ohma Lay te pi byen trete parapò ak mizisyen parèy li yo, yo te fè pase tankou kokorat nan tretman yo t ap resevwa.

Anndan odyo sa ki dire 2 minit, Shabba raple Sumfest te koumanse ak atis epi djaz lokal yo ki fè festival sa yon reyisit. Pi lwen, li fè konnen manb òganizatè yo derespektan anpil pou tretman yo. “Kòman pou m fè ap pase pou m pral nan back stage epi m tande gen yon atis ayisyen k ap jwe moun pa ka pase”, se kesyon li te poze nan odyo a pandan l te tou pwofite di gwo jouman kont responsab festival yo.

Li estime se yon frekansite pou l atis nan peyi l epi pou pwòp ayisyen parèy li ap bay valè ak atis etranje. Sa ki te fè Shabba fache, estomake anndan odyo sa epi pa sispann di gwo mo wonflan pandan l te tou pwofite raple valè atis lokal yo dwe soti bò kote pwòp ayisyen parèy yo. “Mesye si nou pa bay moun lakay nou valè kilè y ap respekte nou mesye. M twouve moun ki te nan staf Sumfest la ki te dakò bagay sa, ou se yon bon djòl bòk***”, se konsa atis la lage pawòl yo san bwose.

“Nou bay atis la 27 sèvyèt pou siye figi l nou pa pot yon sèvyèt pou atis ayisyen yo. Nou trete nou tankou kokorat, li pa fè sans mesye. Respekte tèt nou”, se konsa li te kontinye pou montre nan ki nivo tretman atis ayisyen yo te ye.

Anndan menm odyo sa, Shabba raple jouman li pran pou festival sa sou rezo a nan fè pwomosyon sou li epi se konsa yo trete atis yo poutèt yon atis etranje epi te kontinye kritike yo sevèman. “Mete granmoun sou nou, fout kite sousou nou menm ayisyen. M ap pase mwen tande atis afriken ap jwe mwen p ap ka pase. Nou pa respekte moun..”

N ap raple festival la fèt ap anpil moun malgre perèz ki te gen lakay kèk moun pou kesyon ensekirite. Aktivite a dewoule san okenn ensidan toutfwa sa pa anpeche kèk atis tankou Shabba, Tony pa apresye tretman yo.

Shabba estime òganizatè Sumfest yo bay mizisyen ayisyen yo yon tretman "kokorat"

Dekouvri plis:

Sumfest: entre conscience et réjouissance, le peuple a fait son choix

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Yon jèn ayisyen ekri yon Koleksyon liv kreyòl 4 nivo pou fasilite etranje ak ayisyen ki fèt nan lòt peyi aprann lang kreyòl. Lot...

Actualités

Le gouvernement américain va faire un don de 10 millions de dollars à la PNH en armes et munitions C’est peut être un tournant...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 28 Mars 2024 est de 132,68 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Politique

Les membres du Conseil Présidentiel disent avoir élaboré les critères et les mécanismes pour le choix du président du Conseil. À travers un communiqué...