Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Daprè yon sikològ, gen 5 siy ki ka montre yon nèg ap twonpe fanm li

Daprè yon sikològ, gen 5 siy ki ka montre yon nèg ap twonpe fanm li

Daprè sikològ klinisyèn Johanna Rozenblum, gen 5 siy ki ta dwe alète yon fanm sou enfidelite lakay gason.

Koze enfidelite oubyen pa chat se yon bagay ki mete anpil diskisyon nan mitan 2 moun ki renmen. Bagay sa konn kraze relasyon moun, pouri maryaj epi menm konn arive fè moun k ap viv yo pa gen konfyans youn nan lòt. Sikològ klinisyèn Johanna Rozenblum ki te entèvni sou sit Doctissimo bay 5 siy ki ta dwe alète medam yo lè yon nèg ap twonpe yo. Menm kan espesyalis la konsyan se pa prèv reyèl sa l di yo men li estime presantiman lakay fanm ap soufle yo kèk bagay mennaj oubyen mari yo ap regle deyò a ki pa fin dwat.

1- Yon distans afektiv

Pou sikològ la se youn nan siy ki ta dwe montre yon fanm gen yon bagay ki p ap mache nan relasyon li ye ak nèg la. Distans afektiv la ap fè w santi nèg la pa sou bò w, pa gen kontak fizik, li pa menm anvi bò kote w pou ap pran sant kò w, pou nou chak ap pataje anvi youn pou lòt. Pou Johanna Rozenblum se youn nan premye bagay ki dwe di w nèg ou a kòmanse gen yon lòt fanm ki fè kè l bat oubyen ki ap ba l nouvo afeksyon.

2- Nèg la pa koyeran ditou nan diskou l

Yon nèg k ap chanje diskou chak ou vle mare pye l se yon moun k ap twonpe w daprè sikològ la. Moun lan jodia li ba w yon pawòl, demen pawòl la diferan sou menm sijè a. Johanna Rozenblum mande medam yo pou yo fè atansyon ak modèl gason sa yo ki toujou ap chanje pawòl oubyen diskou yo.

3- Sone telefòn, voye mesaj, pa janm jwenn repons

Pou Johanna Rozenblum telefòn se bagay ki fè gason twonpe fanm yo anpil. Espesyalis la fè konnen nèg ou a ka deplase epi w tonbe rele l ak ekri l ou pa janm jwenn li pandan yon bon bout tan. Li ap fini pa jwenn yon pawòl pou di w kanmèm tankou li te dichaj, telefòn te sou silans, kote l te ale travay la pa t gen ond. Sikològ la dakò sa yo ka toujou rive men li mande medam yo rete vijilan si bagay sa toujou ap repete.

4- Anpil diskisyon ak repwòch

Johanna Rozenblum fè konnen nan ka kote yon fi pa t konn souvan nan pawòl anpil ak nèg li epi li wè plizyè jou se pil pawòl ak repwòch, li dwe aranje l. Daprè espesyalis la se konn yon pretèks nèg yo pran pou fè diskisyon an epi fache ak ou pou yo ka kite ķay la pandan kèk jou, pa pase wè w, pa rele w epi pwofite fè piwèt deyò a nan lòt fanm.

5- Mesaj prive

Dènye siy lan se mesaj yo. Johanna Rozenblum fè konnen si yon fanm tonbe sou mesaj ki nan bwat telefòn nèg li ki parèt dwòl li pa menm bezwen inyore kesyon enfidelite a lè l ap gade bèl ti mesaj, nude yo elatriye.

Fas ak 5 siy sa yo, Johanna Rozenblum pa mande medam yo kite nèg yo men pito li konseye yo konfwonte mesye yo fas ak konpòtman yo genyen an. Di yo klè tout bagay, pou medam yo degaje panse yo nan bay dizon yo sou relasyon an san fè ipokrizi. Li ajoute pou l di menm si w pa konnen kijan nèg ou a ka reyaji se enpòtan pou medam yo afwonte yo.

Daprè yon sikològ, gen 5 siy ki ka montre yon nèg ap twonpe fanm li

Dekouvri plis:

Plus de 1000 déplacés à la suite des attaques armées à Cité-Soleil selon l’OIM

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu